1
Pwovèb 13:20
1998 Haïtienne
HAT98
Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.
Compare
Explore Pwovèb 13:20
2
Pwovèb 13:3
Veye pawòl ki sòti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo.
Explore Pwovèb 13:3
3
Pwovèb 13:24
Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l. Si ou renmen l, se pou ou korije l.
Explore Pwovèb 13:24
4
Pwovèb 13:12
Lè ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou.
Explore Pwovèb 13:12
5
Pwovèb 13:6
Lè ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt.
Explore Pwovèb 13:6
6
Pwovèb 13:11
Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.
Explore Pwovèb 13:11
7
Pwovèb 13:10
Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.
Explore Pwovèb 13:10
8
Pwovèb 13:22
Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.
Explore Pwovèb 13:22
9
Pwovèb 13:1
Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l obsèvasyon pou korije l.
Explore Pwovèb 13:1
10
Pwovèb 13:18
Yon moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo.
Explore Pwovèb 13:18
Home
Bible
Plans
Videos