1
Matye 27:46
1998 Haïtienne
HAT98
Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: — Eli, Eli lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?)
Compare
Explore Matye 27:46
2
Matye 27:51-52
Menm lè a, rido tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Latè tranble. Wòch fann. Tonm yo louvri. Anpil fidèl Bondye ki te mouri, yo resisite. Yo soti vivan nan tonm yo.
Explore Matye 27:51-52
3
Matye 27:50
Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri.
Explore Matye 27:50
4
Matye 27:54
Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: — Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
Explore Matye 27:54
5
Matye 27:45
Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi.
Explore Matye 27:45
6
Matye 27:22-23
Pilat mande yo: — Bon. Kisa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la? Yo tout reponn: — Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Ki movezak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: — Kloure l sou yon kwa!
Explore Matye 27:22-23
Home
Bible
Plans
Videos