1
Levitik 26:12
1998 Haïtienne
HAT98
M'a toujou la nan mitan nou, se mwen menm k'ap Bondye nou, se pèp mwen n'a ye.
Compare
Explore Levitik 26:12
2
Levitik 26:4
lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen.
Explore Levitik 26:4
3
Levitik 26:3
Si nou mache dapre lòd mwen yo, si nou kenbe tout kòmandman m yo, si nou swiv yo
Explore Levitik 26:3
4
Levitik 26:6
M'a mete kè poze nan peyi a, n'a kouche dòmi san kè sote. M'ap fè tout bèt mawon disparèt nan peyi a, moun p'ap vin fè nou lagè ankò.
Explore Levitik 26:6
5
Levitik 26:9
M'a beni nou, m'a ban nou pitit, m'a ban nou anpil pitit. Mwen menm, m'a kenbe kontra mwen te siyen ak nou an.
Explore Levitik 26:9
6
Levitik 26:13
Se mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Lejip pou nou pat rete esklav moun sa yo ankò. Mwen kase gwo kòd lwijanboje ki t'ap jouke nou an, mwen fè nou mache tèt anlè.
Explore Levitik 26:13
7
Levitik 26:11
M'ap rete nan mitan nou nan kay mwen an, m'ap toujou kontan ak nou.
Explore Levitik 26:11
8
Levitik 26:1
Senyè a di: — Nou pa gendwa fè zidòl, nou pa gendwa fè estati, ni mete wòch kanpe. Nou pa gendwa pran wòch pou fè desen sou li, lèfini pou n mete l kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.
Explore Levitik 26:1
9
Levitik 26:10
N'a sitèlman fè bèl rekòt, apre nou fin manje pandan ennan, n'a sètoblije mete rès grenn dènye rekòt la deyò pou nou fè plas pou rekòt k'ap vin apre a.
Explore Levitik 26:10
10
Levitik 26:8
Senk moun nan mitan nou va kont pou bat san lènmi, san moun nan mitan nou va kont pou bat mil lènmi. N'a kraze lènmi nou yo anba kout nepe nou yo.
Explore Levitik 26:8
11
Levitik 26:5
Lè sa a, nou p'ap ankò fin bat ble, n'ap gentan nan keyi rezen. Nou p'ap ankò fin keyi rezen, n'ap gentan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pè anyen.
Explore Levitik 26:5
12
Levitik 26:7
N'a kouri dèyè lènmi nou yo, n'a bat yo, n'a kraze yo ak nepe nou.
Explore Levitik 26:7
13
Levitik 26:2
Se pou nou fete tout fèt mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Senyè a!
Explore Levitik 26:2