1
Ezayi 6:8
1998 Haïtienne
HAT98
Apre sa, mwen tande Senyè a ki t'ap di: — Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou? Mwen di: — Men mwen. Voye mwen non!
Compare
Explore Ezayi 6:8
2
Ezayi 6:3
Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: — Senyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
Explore Ezayi 6:3
3
Ezayi 6:5
Mwen di: — Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki sòti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Senyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m.
Explore Ezayi 6:5
4
Ezayi 6:1
Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè enyè a. Li te chita sou yon gwo fòtèy byen wo. Ke rad li louvri ranpli tout anndan tout tanp lan nèt.
Explore Ezayi 6:1
5
Ezayi 6:7
Li touche bouch mwen ak chabon an epi li di mwen konsa: — Sa a touche po bouch ou. Koulyeya, ou pa gen peche ankò. Bondye padonnen tou sa ou fè ki mal.
Explore Ezayi 6:7
6
Ezayi 6:2
Yon bann zanj klere te kanpe anlè fè wonn li. Yo chak te gen sis zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole.
Explore Ezayi 6:2
7
Ezayi 6:6
Yonn nan zanj yo pran yon chabon dife tou limen ak yon pensèt sou lotèl la, li vole vin bò kote mwen ak chabon an nan men li.
Explore Ezayi 6:6
8
Ezayi 6:9
Epi lè sa a, li di m: — Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!
Explore Ezayi 6:9
9
Ezayi 6:10
Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m geri yo.
Explore Ezayi 6:10
Home
Bible
Plans
Videos