1
Ezayi 59:2
1998 Haïtienne
HAT98
Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l vire figi l pou l pa tande nou.
Compare
Explore Ezayi 59:2
2
Ezayi 59:1
Non! Se pa paske Senyè a manke fòs kifè li pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n'ap lapriyè nan pye l.
Explore Ezayi 59:1
3
Ezayi 59:21
Senyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Explore Ezayi 59:21
4
Ezayi 59:19
Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Senyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt.
Explore Ezayi 59:19
5
Ezayi 59:20
M'ap vin sou mòn Siyon an pou m delivre tout moun fanmi Jakòb yo ki va vire do bay peche yo. Se Senyè a menm ki di sa.
Explore Ezayi 59:20
Home
Bible
Plans
Videos