1
Ezayi 25:1
1998 Haïtienne
HAT98
Senyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou realize l nèt, jan ou te vle l la.
Compare
Explore Ezayi 25:1
2
Ezayi 25:8
Senyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Senyè a menm ki di sa!
Explore Ezayi 25:8
3
Ezayi 25:9
Jou sa a, tout moun va di: Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! Se li menm ki Senyè a! Nou te mete konfyans nou nan li. Ann fè kè nou kontan. Ann fè fèt, paske li delivre nou.
Explore Ezayi 25:9
4
Ezayi 25:7
Se sou mòn sa a li pral wete gwo vwal ki te sou tèt tout nasyon yo, vwal ki te ba yo kè sere a.
Explore Ezayi 25:7
5
Ezayi 25:6
Senyè ki gen tout pouvwa a pral fè yon gwo fèt sou mòn Siyon an pou tout nasyon ki sou latè, avèk bèl plat manje byen pare ak bonjan vyann gra. L'ap sèvi bon kalite diven ki la depi lontan.
Explore Ezayi 25:6
Home
Bible
Plans
Videos