1
Ezayi 14:12
1998 Haïtienne
HAT98
Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa?
Compare
Explore Ezayi 14:12
2
Ezayi 14:13
Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fòtèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a.
Explore Ezayi 14:13
3
Ezayi 14:14
Mwen pral moute sou tèt nyaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a.
Explore Ezayi 14:14
4
Ezayi 14:15
Men kounyeya, yo desann ou nan peyi kote mò yo ye a, jouk anba nan twou san fon an!
Explore Ezayi 14:15
Home
Bible
Plans
Videos