1
Ezayi 1:18
1998 Haïtienne
HAT98
Senyè a di konsa: — Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou ta wouj kou san, m'ap lave, m'ap fè nou vin blan kou koton. Si li ta wouj nètale, n'ap vin blan kou lablanchè.
Compare
Explore Ezayi 1:18
2
Ezayi 1:19
Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay.
Explore Ezayi 1:19
3
Ezayi 1:17
Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz ti òfelen san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo.
Explore Ezayi 1:17
4
Ezayi 1:20
Men, si nou derefize koute m, si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n mouri nan lagè. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa ak bouch mwen.
Explore Ezayi 1:20
5
Ezayi 1:16
Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
Explore Ezayi 1:16
6
Ezayi 1:15
Lè n'ap leve bra anlè pou lapriyè nan pye mwen, m'ap bouche je mwen pou mwen pa wè nou. Nou mèt lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou kras. Paske tout men nou se san.
Explore Ezayi 1:15
7
Ezayi 1:13
Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen.
Explore Ezayi 1:13
8
Ezayi 1:3
Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li konn lonje li. Men pèp Izrayèl pa konnen mwen. Pèp mwen an pa pyès diferans.
Explore Ezayi 1:3
9
Ezayi 1:14
Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo ak tout bèl seremoni n'ap plede fè yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipòte yo ankò.
Explore Ezayi 1:14
Home
Bible
Plans
Videos