1
Galat 1:10
1998 Haïtienne
HAT98
Lè mwen di sa, eske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.
Compare
Explore Galat 1:10
2
Galat 1:8
Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt Bòn Nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki sòti nan syèl, madichon pou li!
Explore Galat 1:8
3
Galat 1:3-4
Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè kounyeya.
Explore Galat 1:3-4