Amòs reponn Amatsya:
— Monchè, pwofèt pa metye m. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m se gade bèt, se okipe pye sikomò. Men, Senyè a pran m nan pye travay mwen, dèyè bèt mwen yo, li ban m lòd pou m al fè pèp Izrayèl la konnen mesay li voye ba yo.