Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 8

8
Inondasyon an fini
1Men, Bondye vin chonje Noye ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik #Jen 19.29; 30.22; Egz 2.24; Sòm 104.7 ki te avè l nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese. 2Sous #Jen 7.11; 1 Wa 8.35 dlo ki nan fon lanmè a te sispann bay dlo. Syèl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe. 3Dlo #Jen 7.24 yo menm t'ap bese, yo t'ap bese piti piti. Se sou sansenkant (150) jou dlo yo te konmanse bese. 4Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo. 5Dlo yo t'ap bese toujou jouk sou dizyèm mwa a. Sou premye jou dizyèm mwa a, tèt mòn yo parèt.
6Karant jou apre sa, Noye louvri fennèt li te fè nan batiman an. 7Li lage yon kònèy. Kònèy la sòti. L'ale vini, l'ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè. 8Apre sa, li lage yon pijon pou l wè si dlo a te fin bese sou tè a. 9Men, pijon an pat jwenn kote pou l poze. Li tounen vin jwenn Noye nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noye lonje men l, li pran pijon an, li fè l antre nan batiman an ankò. 10Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l sòti nan batiman an. 11Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tou vèt nan bèk li. Konsa, Noye vin konnen dlo a te bese sou tout latè. 12Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pat tounen vin jwenn li ankò.
13Se konsa, lè Noye te gen sisan ennan (601 an), nan premye jou premye mwa lanne jwif yo, dlo a te fin bese nèt sou latè. Noye dekouvri batiman an, li voye je l gade, li wè tout tè a te chèch. 14Sou vennsetyèm jou dezyèm mwa a, tè a te fin chèch nèt.
15Lè sa a, Bondye di Noye:
16— Sòti #Jen 7.13 nan batiman an, ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo. 17#Jen 1.22,28 tout bèt yo sòti tou ansanm avèk ou, zwazo yo, zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo. Se pou yo fè pitit, fè anpil pitit pou mete sou tè a ankò.
18Se konsa Noye sòti nan batiman an ansanm ak madanm li, pitit li yo ak madanm pitit li yo. 19Tout bèt bwa yo, tout zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo, tout zwazo yo, yo tout yo sòti nan batiman an tou.
Sakrifis Noye bay Bondye
20Noye #Jen 7.2,3 bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la. 21#Jen 3.17; 6.5; Egz 29.18; Lev 1.9; Eza 54.9; Eze 20.41; Wòm 3.23; Ef 5.2; Fil 4.18 Bondye pran bon sant lan, sa te fè l plezi. Li di nan kè l:
— Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l la.
22Toutotan #Jer 5.24; 33.20,25 latè la
Sezon plante ak sezon rekòt
Sezon chalè ak sezon fredi
Lajounen ak lannwit
Bagay sa yo ap toujou la Toutotan latè pa kaba.

Currently Selected:

Jenèz 8: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti