Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 7

7
Gwo inondasyon an
1Senyè a di Noye:
— Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm #Jen 6.9; Mat 24.38,39; Lik 17.26,27; Eb 11.7; 1 Pyè 3.20 ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv kounye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen. 2Nan #Lev 11.1-31 tout bèt ki bon pou moun manje, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite. Nan tout bèt ki pa bon pou moun manje, w'a pran yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite. 3Konsa tou, pou zwazo k'ap vole nan syèl la, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite, pou ras la pa disparèt sou latè. 4Paske, #Jen 6.17 nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè.
5Noye #Jen 6.22 fè tou sa Senyè a te ba li lòd fè a.
6Noye te gen sisanzan (600 an) lè inondasyon an te fèt sou latè. 7Li antre nan batiman an, li menm, pitit gason li yo, madanm li ansanm ak madanm pitit li yo, pou yo te ka chape anba inondasyon an. 8Tout kalite bèt, kit sa ki bon pou moun manje, kit sa ki pa bon pou moun manje, tout zwazo, tout bèt ki trennen sou vant, 9yo tout yo vin jwenn Noye nan batiman an, de pa de, mal ak fenmèl, jan Bondye te bay Noye lòd la. 10Sou sèt jou vre, dlo kouvri tout latè.
11Jou #Jen 8.2; Sòm 78.23; Pwo 8.28; Eza 24.18; Mal 3.10 ki fè Noye sisanzan (600 an), yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a. 12Lapli tonbe san rete pandan karant jou karant nwit.
13Menm jou sa a, Noye, madamn li, pitit gason l yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an, 14ansanm ak tout kalite bèt domestik, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo, tout kalite ti zwazo, tout kalite bèt ki gen zèl. 15Yo #Jen 6.20 tout yo te vin jwenn Noye nan batiman an, de grenn nan chak kalite bèt vivan ki sou latè. 16Se #Jen 7.2,3 konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noye. 17Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè. 18Dlo yo ranfòse, yo gonfle pi rèd sou tè a jouk batiman an t'ap flote nèt sou dlo a. 19Dlo a #Sòm 104.6 moute pi rèd toujou anwo tè a, li kouvri tèt tout gwo mòn ki anba syèl la. 20Dlo a moute vennsenk pye depase tèt mòn yo. 21#Jen 6.13,17; 2 Pyè 3.6 sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun. 22Tout #Jen 2.7 bèt vivan ak tout moun sou latè mouri. 23Se #2 Pyè 2.5 konsa, Senyè a detwi tout bèt, tou sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noye avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo. 24Apre sa, dlo a rete anwo tè a pandan sansenkant (150) jou.

Currently Selected:

Jenèz 7: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti