Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 9

9
Kontra Bondye ak Noye
1Bondye #Jen 8.17 beni Noye ak pitit li yo. Li di yo:
— Fè pitit, fè anpil anpil pitit peple latè. 2Se #Jen 1.26 pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout. 3Kounyeya, nou #Jen 1.29; Det 12.15; 1 Tim 4.3,4 gendwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje. 4Tansèlman, #Lev 3.17; 7.26; 17.10,11; Det 12.16,23; 1 Sam 14.34; Tra 15.20,29 se pa pou n manje vyann ak tout san ladan l, paske san yon bèt se nanm li. 5Konprann #Egz 21.28; Nonb 35.30,31 sa byen: si yon moun touye nou, m'ap fè l rann mwen kont. M'ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. Tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont.
6Si #Jen 1.27; Egz 21.12,14; Lev 24.17; Nonb 35.33; Mat 26.52; Rev 13.10 yon moun touye yon moun,
yon lòt moun va touye li tou. Paske Bondye fè moun pòtre ak li.
7Nou menm, se pou nou fè pitit, anpil pitit.
Gaye kò nou toupatou sou latè, pou pitit nou yo toujou fè anpil pitit tou.
8Bondye pale ankò ak Noye ansanm ak pitit li yo, li di yo:
9— Men #Jen 6.18 m'ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k'ap vin apre nou yo. 10M'ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tou sa ki sòti nan batiman an pou peple sou latè ankò. 11Wi, #Eza 54.9 m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè.
12Bondye di ankò:
— Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li. 13M'ap #Eze 1.28; Rev 4.3 mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a. 14Chak fwa m'a fè nyaj yo konmanse sanble, lakansyèl la va parèt nan syèl la. 15#Lev 26.42,45; 1 Wa 8.23; Eza 54.9 sa a, m'a chonje kontra mwen te fè avèk nou ansanm avèk tout kalite bèt vivan yo. P'ap janm gen gwo inondasyon ankò ki pou detwi tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. 16#Jen 17.7,19; 2 Sam 23.5 lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l, m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè. 17Sa se siy kontra mwen pase ak tout moun ansanm ak tout bèt k'ap viv sou latè.
Se konsa Bondye te pale ak Noye.
Noye ak pitit gason li yo
18Men #Jen 6.10 non pitit Noye yo ki te sòti nan batiman an: Sèm, Kam ak Jafè. Kam se te papa Kanaran. 19Se #Jen 10.1-32 twa pitit Noye sa yo ki peple mete moun sou tout latè.
20Noye se premye moun ki te fè lakilti rezen sou latè. 21Yon jou, apre li te fin bwè diven, li sou. Li wete tout rad sou li, li kouche toutouni anba tant li. 22Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l toutouni, l'al di de frè l yo sa. 23Men, Sèm ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l dèyè do yo, yo kenbe l anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni. 24#Aba 2.15 Noye soti anba bweson an, li vin rekonèt li. Li aprann sa pi gran ti gason li an te fè li. 25Li #Det 27.16; Joz 9.23; Jij 1.28; 1 Wa 9.20,21 di:
— Madichon pou Kanaran!
Se pou l tounen dènye klas esklav frè l yo.
26Li di ankò:
— Lwanj pou Senyè a, Bondye Sèm lan.
Se pou Kanaran tounen esklav Sèm.
27Se pou Bondye mete sou byen Jafè #9.27: Jafè: Nan lang ebre a mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di mete sou byen l, vin anpil. yo.
Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo.
Se pou Kanaran tounen esklav yo.
28Apre gwo inondasyon an, Noye viv twasansenkantan (350 an). 29Lè l mouri, li te gen nèfsansenkantan (950 an).

Currently Selected:

Jenèz 9: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti