Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 47

47
1Apre #Jen 45.10; 46.31 sa, Jozèf al avèti farawon an li di l:
— Men papa m ak frè m yo rive sòti nan peyi Kanaran, yo vini ak mouton yo, bèf yo ak tou sa yo genyen. Kounyeya menm yo Gochenn.
2Jozèf te pran senk nan frè l yo avèk li, li prèzante yo bay farawon an. 3Farawon #Jen 46.33,34 an di yo konsa:
— Ki metye nou?
Yo reponn li:
— Metye nou se gade bèt tankou zansèt nou yo.
4Apre #Jen 43.1 sa, yo di farawon an:
— Nou vin pou nou ka rete nan peyi a, paske pa gen manje ankò nan peyi nou pou bèt yo manje. Lèfini, grangou a rèd anpil nan peyi Kanaran. Tanpri, ban nou pèmisyon pou nou rete nan peyi Gochenn lan.
5Farawon an di Jozèf:
— Men papa ou ak frè ou yo vin jwenn ou isit la. 6Tout peyi Lejip la la devan ou. Chwazi pi bon tè nan peyi a, ba yo l pou rete. Yo mèt rete sou tè Gochenn lan. Epi, si ou konnen gen nan mitan yo moun ki kapab pran swen bèt pa m yo, ou mèt ba yo bèt mwen yo gade.
7Apre sa, Jozèf fè papa l vini, li prezante l bay farawon an. Lè Jakòb fin di farawon an bonjou, 8farawon an mande l:
— Ki laj ou?
9Jakòb #Jen 11.32; 25.7; 35.28; Jòb 14.1; Sòm 39.12; 119.54; Ekl 2.23; Eb 11.13 reponn li:
— Mwen gen santrantan depi m'ap moute desann sou latè. Men mwen poko prèt pou rive sou laj zansèt mwen yo te rive lè yo t'ap fè moute desann pa yo. Lavi mwen pase vit se vre. Men mwen pa manke bat mizè.
10Jakòb di farawon an orevwa, epi l ale. 11Jozèf #Jen 45.10; 47.6; Egz 1.11; 12.37 fè papa l ak frè l yo rete nan peyi Lejip. Li ba yo tè bò lavil Ranmsès, jan farawon an te mande l la. Li ba yo yon bon tè nan peyi a. 12Jozèf te bay papa li, frè li yo ak tout fanmi li yo kantite pwovizyon yo te bezwen pou timoun yo te genyen.
Jan Jozèf kondi peyi a
13Grangou a te rèd anpil toupatou. Pat gen manje ankò. Moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran yo t'ap fin deperi anba grangou a. 14Jozèf #Jen 41.56 te fin ranmase dènye lajan moun peyi Lèjip ak moun peyi Kanaran te genyen nan vann yo ble. Li pote tout lajan an lakay farawon an. 15Lè tout lajan moun yo fini nan peyi Lejip ak nan peyi Kanaran, tout moun peyi Lejip yo vin jwenn Jozèf, yo di l:
— Ban nou manje non, souple. Pa kite nou mouri. Fè kichòy pou nou, nou pa gen lajan ankò.
16Jozèf di yo:
— Si nou pa gen lajan, mennen bèt nou yo vini, n'a boukante yo pou manje.
17Se konsa, yo mennen bèt yo bay Jozèf pou fè boukantay. Li ba yo manje, yo ba li chwal, bèf, mouton, bourik. Pandan tout lanne a, li boukante manje ak yo pou valè bèt yo te genyen.
18Apre lanne a fin pase, yo tounen bò kote Jozèf ankò. Yo di li:
— Nou p'ap kapab kache ou sa, mèt. Lajan nou fini nèt. Nou deja ba ou tout bèt nou te genyen. Kounyeya, mèt, se tè nou yo ak pwòp tèt nou ase ki rete pou n ba ou. 19Pa #Ney 5.4,5 kite nou mouri. Fè kichòy pou nou! Pa kite nou pèdi tè nou yo. Fè pri pou nou menm ansanm ak tout tè nou yo. N'ap tounen esklav farawon an. Tè nou yo va pou li tou. Men, ban nou plan pou nou simen nan jaden nou yo pou nou pa mouri, pou tè a pa fin tounen savann.
20Se konsa Jozèf achte tout tè Lejip la pou farawon an. Tout moun peyi Lejip yo te vann li tè yo paske grangou a t'ap fini ak yo. Tout peyi a vini pou farawon an. 21Jozèf fè tout moun toupatou nan peyi a tounen esklav farawon an. #47.21: tounen esklav farawon an: Se konsa yo bay li nan ansyen vèsyon grèk la, men tèks ebre a li menm bay: li deplase yo, li pran yo nan yon vil li mennen yo nan yon lòt. 22Se #Esd 7.24 te prèt yo ase li pat manyen. Prèt yo pat bezwen tè pou yo manje, paske, dapre yon lwa ki gen nan peyi a, se farawon an menm ki te toujou peye yo. Se ak lajan sa a yo te viv. 23Jozèf di pèp la:
— Jòdi a, mwen achte nou ansanm ak tout tè nou yo pou farawon an. Men grenn m'ap ban nou pou nou plante nan jaden nou yo. 24Lè sezon rekòt la va rive, n'a bay farawon an yon senkyèm (⅕) nan tou sa nou rekòlte. Rès la va pou nou, pou nou plante nan jaden nou yo, pou nou manje nou menm ansanm ak pitit nou yo ak tout moun ki lakay nou.
25Yo #Jen 33.15 reponn li:
— Ou sove lavi nou! Sèl sa nou mande ou, se pou ou aji byen ak nou. N'ap rete esklav farawon an.
26Se #Jen 47.22 konsa, Jozèf te pase yon regleman pou tout peyi Lejip la: dapre regleman sa a ki la jouk kounyeya toujou, se pou yo bay farawon an yon senkyèm sou chak rekòt. Se sèlman tè prèt yo ki pat pou farawon an.
Dènye volonte Jakòb
27Moun #Jen 26.4; Egz 1.7; Sòm 105.24; Tra 7.17 Izrayèl yo te rete nan peyi Lejip sou tè Gochenn lan. Yo vin gen anpil byen. Yo te fè anpil anpil pitit. Yo t'ap fè toujou. 28Jakòb pase disèt lanne nan peyi Lejip. Li te rive gen sankarannsèt (147) lanne sou tèt li. 29#Jen 24.2,49; 50.25 sa a, Izrayèl vin wè li pat gen lontan pou l viv ankò. Li fè rele Jozèf, pitit li a, li di l konsa:
— Si ou renmen m vre, tanpri, fè m sèman. Mete men ou nan fant janm mwen, pwomèt mwen w'ap kenbe pawòl ou, ou p'ap janm trayi m. Tanpri, pa antere m nan peyi Lejip. 30Mwen #Jen 49.29,30; Tra 7.16 vle pou yo antere m' menm kote ak zansèt mwen yo lè mwen va kite sa. Se pou yo pran mwen Lejip moute al antere m' nan kavo fanmi mwen yo.
Jozèf reponn li:
— Mwen va fè sa ou mande mwen an.
31Men, #Jen 48.2; 1 Wa 1.47; Eb 11.21 Jakòb di Jozèf:
— Sèmante w'ap fè sa pou mwen vre.
Jozèf sèmante ba li. Apre sa, Izrayèl bese tèt li byen ba nan kabann li pou di Jozèf mèsi.

Currently Selected:

Jenèz 47: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti