Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 46

46
Jakòb Lejip ansanm ak tout fanmi li
1Izrayèl #Jen 26.23-25 pati avèk tou sa li te genyen. L'al Bècheba, li touye bèt, li ofri yo bay Bondye Izarak, papa li. 2Jou #Jen 15.1; Jòb 33.14,15 lannwit sa a, Bondye pale ak Izrayèl nan rèv, li di l:
— Jakòb! Jakòb!
Jakòb reponn:
— Men mwen wi.
3Bondye #Jen 12.2; 28.13; Det 26.5 di li:
— Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a. 4M'ap #Jen 28.15; 50.24; Egz 3.8 desann avè ou nan peyi Lejip, m'ap fè pitit pitit ou yo tounen isit la ankò. Se Jozèf ki va fèmen je ou lè w'a mouri.
5Jakòb #Jen 45.27 pati, li kite Bècheba. Pitit Izrayèl yo pran Jakòb, papa yo, ansanm ak timoun yo ak madanm yo, yo fè yo moute sou cha farawon an te voye pou yo vwayaje a. 6Yo #Joz 24.4; Sòm 105.23; Eza 52.4; Tra 7.15 pran tout bèt ak tout byen yo te fè nan peyi Kanaran an. Yo desann nan peyi Lejip. Yo mennen Jakòb desann nan peyi Lejip ak tout pitit pitit li yo. 7Jakòb pran pitit gason l yo ak pitit fi l yo, pitit pitit li yo, fi kou gason, li desann nan peyi Lejip ak yo tout.
8Men #Egz 1.1-5; 6.14-16 non pitit Izrayèl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann #Nonb 26.5,6; 1 Kwo 5.1-3 nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l yo. Premye gason an te rele Riben. 9Men non pitit Riben yo: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. 10Men #Nonb 26.12,13; 1 Kwo 4.24 non pitit Simeyon yo: Jemouyèl, Jamen, Orad, Jaken, Zoka ak Sayil. Li te fè dènye sa a ak yon fanm peyi Kanaran. 11Men #Nonb 26.57; 1 Kwo 6.1 non pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari. 12Men #Jen 38.7,10; 1 Kwo 2.3-5 non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul. 13Men #1 Kwo 7.1 non pitit Isaka yo: Tola, Pouva, Jòb ak Chimwon. 14Men #Nonb 26.26 non pitit Zabilon yo: Serèd, Elon ak Jaleyèl. 15Se #Jen 29.32-35; 30.17-21 pitit sa yo Leya te fè pou Jakòb lè yo te Mezopotami. Leya te fè yon fi tou yo te rele Dina. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou tranntwa gason ak yon fi.
16Men #Nonb 26.15-17 non pitit gason Gad yo: Zifjon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areyèli. 17Men #Nonb 26.44-46; 1 Kwo 7.30,31 non pitit gason Asè yo: Jimna, Jichva, Jichvi epi Berya. Yo te gen yon sè ki te rele Serak. Berya te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl.
18Se #Jen 29.24; 30.10-13 pitit gason sa yo Zilpa te fè pou Jakòb. Zilpa sa a, se te sèvant Laban te bay Leya, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèz moun.
19Men non pitit gason Rachèl, madanm Jakòb: Jozèf ak Benjamen. 20Pandan #Jen 41.50-52 Jozèf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an, te fè Manase ak Efrayim pou li. 21Men #Nonb 26.38-40; 1 Kwo 7.6,12 non pitit Benjamen yo: Bela, Bekè, Achbèl, Gera, Naaman, Ei, Wòch, Moupen, Oupim epi Ad.
22Se pitit gason sa yo Rachèl te fè pou Jakòb. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou katòz moun.
23Men #Nonb 26.42 non pitit gason Dann lan: Ouchim. 24Men #Nonb 26.48,49; 1 Kwo 7.13 non pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè epi Chilèm. 25Se #Jen 29.29; 30.5-8 pitit gason sa yo Bila te fè pou Jakòb. Bila sa a, se te sèvant Laban te bay Rachèl, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèt moun.
26Antou sa te fè swasannsis moun, pitit ak pitit pitit ki te desann nan peyi Lejip ansanm ak Jakòb, san konte madanm pitit li yo. 27Avèk #Egz 1.5; Det 10.22; Tra 7.14 Jozèf ki te gentan fè de pitit nan peyi Lejip, sa te fè antou swasanndis moun laras Jakòb ki te vin nan peyi Lejip.
Jakòb ak fanmi li nan peyi Lejip
28Izrayèl te voye Jida devan al mande Jozèf pou l vin jwenn li Gochenn. 29Jozèf fè pare cha li a, li moute, l'al Gochenn, l'al kontre papa l. Rive Jozèf rive devan papa l, li lage kò l nan bra l, li pase yon bon tan ap kriye sou zepòl li. 30Izrayèl #Lik 2.29,30 di Jozèf konsa:
— Kounyeya, mwen wè figi ou, mwen konnen ou vivan toujou, mwen mèt mouri.
31Epi Jozèf di frè l yo ak tout fanmi papa l yo:
— Mwen pral avèti wa a. Mwen pral di l: men frè m yo ak tout fanmi papa m yo ki t'ap viv nan peyi Kanaran vin jwenn mwen isit la. 32Se gadò mouton yo ye. Se bèt yo konn gade. Yo mennen tout mouton yo ak tout bèf yo ansanm ak tou sa yo genyen. 33Lè farawon an va rele nou pou mande nou ki metye nou, 34n'a #Jen 37.12; 43.32; Egz 8.26 reponn li: - Monwa, depi nou tou piti jouk koulyeya, se bèt n'ap gade tankou tout zansèt nou yo. Konsa, nou ka rete nan peyi Gochenn nan.
Li te di yo sa paske moun Lejip yo pa t' ka sipòte wè moun ki fè gadinay ap viv nan mitan yo.

Currently Selected:

Jenèz 46: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti