Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 48

48
Jakòb beni Efrayim ak Manase
1Kèk tan apre sa, yo vin fè Jozèf konnen papa l malad. Jozèf pran Manase ak Efrayim, de pitit gason l yo, ak li, l'ale wè Jakòb. 2Yo vin di Jakòb:
— Men Jozèf, pitit ou, vin wè ou.
Izrayèl ranmase dènye ti rès fòs li te genyen an, li leve chita sou kabann lan. 3Jakòb #Jen 28.13,19 di Jozèf:
— Bondye ki gen tout pouvwa a te parèt devan mwen yon kote yo rele Louz, nan peyi Kanaran. Li beni m. 4Li #Jen 35.11,12 di m konsa: M'ap ba ou anpil pitit ak pitit pitit. M'ap fè yo tounen anpil nasyon. Ou wè tè sa a? M'ap bay pitit pitit ou yo li pou li rele yo pa yo pou tout tan. 5Bon. #Jen 46.20; Joz 14.4 De pitit gason ou te fè nan peyi Lejip anvan m te vin jwenn ou isit la a, se pitit mwen yo pral ye. Wi, Efrayim ak Manase ap pou mwen tankou Riben ak Simeyon. 6Men, tout pitit ou va fè apre yo, se pitit ou y'ap ye. Y'a pote non gran frè yo pou yo ka jwenn pa yo nan byen m yo. 7Lè mwen #Jen 35.16-19 t'ap tounen soti Mezopotami, manman ou Rachèl te mouri nan men mwen. Li mouri sou wout Kanaran, toupre vil Efrata. Se Efrata sa a yo rele Betleyèm nan tou.
8Lè Izrayèl wè pitit Jozèf yo, li mande:
— Ki timoun sa yo?
9Jozèf #Jen 33.5 reponn li:
— Se pitit gason Bondye te ban mwen antan mwen isit la wi.
Izrayèl di li:
— Tanpri, fè yo pwoche pi pre m pou m ka beni yo.
10Izrayèl te fin granmoun, je l pat bon menm. Li pat kapab wè ankò. Jozèf fè pitit li yo pwoche bò kote papa l. Jakòb pran yo, li bo yo, li pase bra l nan kou yo. 11Izrayèl #Jen 45.26 di Jozèf konsa:
— Mwen pat gen espwa wè figi ou ankò, men Bondye fè m wè ata pitit ou yo.
12Jozèf wete timoun yo sou jenou Izrayèl, epi li bese tèt li jouk atè devan papa l. 13Li pran timoun yo, Efrayim nan men dwat li ak Manase nan men gòch li. Konsa, Efrayim vin sou bò gòch Izrayèl, Manase menm sou bò dwat li. Li fè yo pwoche vin jwenn papa l. 14Men, Izrayèl kwaze men l lè l'ap lonje yo, li mete men dwat li sou tèt Efrayim ki te pi piti a, li mete men gòch li sou tèt Manase ki te pi gran an. Izrayèl te konnen sa l t'ap fè lè l te fè sa. 15Li #Jen 17.1; 24.40 beni Jozèf, li di l:
— Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.
16Se #2 Sam 4.9; Eza 63.9 pou zanj Bondye ki te delivre m anba tout move pa beni timoun yo.
Se pou yo pote non mwen ak non zansèt mwen yo, Abraram ak Izarak.
Se pou yo fè anpil pitit pitit, se pou yo peple sou tè a.
17Men #Jen 48.14 Jozèf pat kontan lè li wè papa l te mete men dwat li sou tèt Efrayim. Li kenbe men papa l pou l wete l sou tèt Efrayim pou l mete l pito sou tèt Manase. 18Epi li di papa l:
— Se pa konsa, papa. Men pi gran an bò isit. Mete men dwat ou sou tèt li.
19Men, #Nonb 2.19,21; Det 33.17 papa a derefize. Li di l:
— Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tou ap vin yon pèp. Li menm tou l'ap grannèg. Men, ti frè l la pral pi grannèg pase l. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.
20Jou #Rit 4.11,12 sa a, li beni yo, li di:
— Nan peyi pitit pitit Izrayèl yo, lè y'ap bay benediksyon, y'a nonmen non nou. Y'a mande pou Bondye beni yon moun menm jan li te beni Efrayim ak Manase.
Se konsa li te mete Efrayim anvan Manase. 21Apre #Jen 46.4 sa, Izrayèl di Jozèf:
— Gade. Mwen pral mouri. Men Bondye ap la avèk ou. L'a fè ou tounen nan peyi zansèt ou yo. 22Se #Joz 24.32 pa pou lòt moun nan frè ou yo, se pou ou m'ap kite moso tè Sichèm lan. Se pòsyon tè sa a mwen te pran nan men moun Amori yo anba gwo goumen.

Currently Selected:

Jenèz 48: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti