Ésaïe 35
35
1Savann nan ak dezè a va kontan.
#
És 41:19
Tè dezole a va rejwi e flèri, tankou yon woz.
2Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan,
e fè yon kri lajwa.
Glwa Liban an va bay a li menm;
majeste a Carmen ak Saron an.
Yo va wè #És 25:9 glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.
3 #
Job 4:3-4
Ankouraje men ki pedi fòs,
e ranfòse jenou ki fèb la.
4Pale a sila ki gen #És 32:4kè twouble yo,
“Pran kouraj!
Pa pè!
Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans.
Rekonpans Li an va rive.
Li va vini, e Li va sove nou.”
5Konsa, #És 29:18zye avèg yo va louvri,
e zòrèy a soud yo debouche.
6 #
Mat 15:30
Moun bwate yo va vòltije tankou sèf,
e lang bèbè a va rele ak gwo jwa.
Paske dlo va pete nan tè sèch yo,
ak vwa dlo yo nan dezè a.
7Peyi deseche a va vin tounen yon letan,
e tè swaf kòn #És 49:10sous k ap pete dlo.
Nan landwa chen mawon yo,
nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.
8Yon gran chemen va la, yon gran ri.
Li va rele Chemen Sen an.
Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li,
men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an.
Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
9Nanpwen lyon k ap la,
ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li.
Yo p ap twouve la.
Men #És 51:10rachte yo va mache la.
10 #
És 1:27
Rachte a SENYÈ yo va retounen.
Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion;
lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo.
Yo va twouve kè kontan ak lajwa;
tristès ak soupi va sove ale.
Terpilih Sekarang Ini:
Ésaïe 35: BSA
Highlight
Kongsi
Bandingkan
Salin
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith