1
Ésaïe 35:10
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.
Bandingkan
Selidiki Ésaïe 35:10
2
Ésaïe 35:3-4
Ankouraje men ki pedi fòs, e ranfòse jenou ki fèb la. Pale a sila ki gen kè twouble yo, “Pran kouraj! Pa pè! Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. Rekonpans Li an va rive. Li va vini, e Li va sove nou.”
Selidiki Ésaïe 35:3-4
3
Ésaïe 35:8
Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
Selidiki Ésaïe 35:8
4
Ésaïe 35:5
Konsa, zye avèg yo va louvri, e zòrèy a soud yo debouche.
Selidiki Ésaïe 35:5
5
Ésaïe 35:6
Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. Paske dlo va pete nan tè sèch yo, ak vwa dlo yo nan dezè a.
Selidiki Ésaïe 35:6