Ésaïe 34
34
1Rapwoche, O nasyon yo pou tande!
Koute, o pèp yo!
#
Det 32:1
Kite latè ak tout sa ki ladann tande,
e lemonn ak tout sa ki ladann.
2Paske #És 26:20gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo
e jijman Li brile kont tout lame yo.
Li te detwi yo nèt.
Li te donnen yo a yon gwo masak.
3Konsa, mò yo va #És 14:9jete deyò.
Kadav yo va fè movèz odè,
e mòn yo va tranpe ak san yo.
4Tout lame syèl la va vin efase.
#
Rev 6:12-14
Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv;
e tout lame li yo va vin fennen nèt,
tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an,
oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.
5Paske #Det 32:41-42nepe Mwen bwe ase nan syèl la.
Gade byen, li va desann pou jije Édom
ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
6Nepe SENYÈ a plen ak san.
Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton,
ak bouk yo, ak grès a ren belye.
Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan #És 63:1Botsra,
ak yon gwo masak nan peyi Édom.
7Anplis, bèf mawon va desann ak yo,
ak jenn towo, ak towo pwisan yo.
Konsa, peyi yo va #És 63:6tranpe ak san,
e pousyè yo va vin gra ak grès.
8Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans,
yon ane vanjans pou koz a Sion an.
9Sous dlo li yo va devni goudwon
e tè pousyè li kon #Det 29:23souf.
Peyi li va tounen goudwon k ap brile.
10Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit.
#
Rev 14:11
Lafimen li va monte jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole.
Okenn moun p ap pase ladann
pou tout tan e pou tout tan.
11Men #So 2:14grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li
e ibou ak kònèy a va demere ladann.
Li va tann sou li lign latwoublay,
ak fil a plon vid la.
12Yo va rele prens li yo a wayòm nan,
men#Jr 27:20p ap gen k ap parèt.
Tout prens li yo p ap anyen.
13Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo,
chadwon ak gwo raje nan #És 13:22gwo vil ranfòse yo.
L ap devni yon kote frekante pa chen mawon.
Li va fè kay tribinal pou otrich la.
14 #
És 13:21
Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo;
kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li.
Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la;
l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
15La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze;
li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li.
Menm #Det 14:13 bèt malfini yo va rankontre la,
yo chak ak pwòp parèy yo.
16Chache nan liv SENYÈ a, epi li:
Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la;
okenn p ap manke parèy yo.
Paske #És 1:20 bouch Mwen te pase lòd,
e Lespri Li te ranmase yo.
17Li te #És 17:13tire osò pou yo,
e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a.
Yo va posede kote a jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.
Terpilih Sekarang Ini:
Ésaïe 34: BSA
Highlight
Kongsi
Bandingkan
Salin
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith