Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L?
Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;
ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi,
ki te peze mòn yo nan gwo balans,
e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?
Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,
oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?
Ak kilès Li te konsilte,
e se kilès ki te bay Li bon konprann?
Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la,
ki te enstwi Li nan konesans,
e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?