Ésaïe 40

40
1 # És 12:1 “Konsole, O konsole pèp Mwen an,”
pale Bondye ou an.
2“Pale ak dousè ak Jérusalem.
Rele a li menm, ke #És 41:11-13konfli li fini an,
ke inikite li retire a,
ke li te resevwa nan men SENYÈ a
doub pou tout peche li yo.”
3Yon vwa k ap rele fò,
“Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a!
Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.
4Kite tout vale yo vin leve wo,
e tout mòn ak kolin yo vin ba.
Kite move teren an vin pla,
e teren difisil yo vin yon vale ki swa.
5 # És 6:3 Glwa a SENYÈ a va vin parèt,
e tout chè va wè sa ansanm;
paske bouch a SENYÈ a fin pale.”
6Yon vwa pale: “Rele fò.”
Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?”
# Job 14:2 “Tout chè se zèb,
e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
7 # Sòm 90:5-6 Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
depi souf SENYÈ a soufle sou li.
Anverite, pèp la se zèb.
8Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
men #És 55:11pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
9Mete ou menm sou yon mòn ki wo,
O Sion, ki pote bòn nouvèl.
Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa,
O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la!
Leve wo! Pa pè anyen!
Di a #És 44:26vil Juda yo: Men Bondye nou an!
10Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini #És 9:6-7ak pwisans.
Se bra L k ap kòmande pou Li.
Gade byen salè Li avè L,
e rekonpans li devan L.
11Tankou yon bèje, Li va #Jr 31:10pran swen bann mouton Li.
Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo,
e pote yo sou lestonmak Li.
Ak dousè, Li va mennen manma a
ak ti mouton piti yo.
12Se kilès ki te #Job 38:8-11mezire dlo nan pla men L?
Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;
ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi,
ki te peze mòn yo nan gwo balans,
e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?
13Se #Wo 11:34kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,
oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?
14Ak kilès Li te konsilte,
e se kilès ki te #Job 21:22bay Li bon konprann?
Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la,
ki te enstwi Li nan konesans,
e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?
15Gade byen, #Jr 10:10nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit;
yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la.
Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.
16Menm Liban pa kont pou brile, ni #Sòm 50:9-11bèt li yo
pa kont pou fè ofrann brile.
17 # És 29:7 Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L,
Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.
18 # Egz 8:10 A kilès, alò, nou ta konpare Bondye?
Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?
19Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l,
ak òfèv ki #És 2:20kouvri l ak lò
e fè chenn li an ajan,
20Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a,
pran yon pyebwa ki pa konn pouri;
li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare
yon zidòl ki #I Sam 5:3-4p ap deplase.
21 # Sòm 19:1 Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande?
Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman?
Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?
22Se Li menm ki chita anwo #Job 22:14wonn tè a
ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan;
ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido
e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
23Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen,
ki #És 5:21fè jij latè yo vin san sans.
24Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen,
apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a,
Li sèlman soufle sou yo,
e yo fennen pou#És 17:13tanpèt la pote yo ale tankou pay.
25“Alò, #És 40:18ak kilès ou va konpare Mwen,
pou M ta kapab vin egal avè l?”
pale Sila Ki Sen an.
26 # És 51:6 Leve zye nou anlè,
e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo;
Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo.
Li rele yo tout pa non yo.
Akoz grandè a pwisans Li
ak fòs pouvwa Li,
nanpwen youn nan yo ki manke.
27Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:
“Chemen Mwen an kache de SENYÈ a
e #Job 27:2jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?
28Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke #Jen 21:33Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29Li bay fòs a sila ki #És 50:4fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30Malgre moun #Jr 6:11jenn yo febli e vin bouke,
e jenn nom plen kouraj yo vin glise tonbe;
31sila ki tann SENYÈ yo va #Job 17:9renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.

Terpilih Sekarang Ini:

Ésaïe 40: BSA

Highlight

Kongsi

Bandingkan

Salin

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk