Enfo Plan an

Sis Jou, Sis Non BondyeEgzanp

Six Days Of The Names Of God

JOU 6 SOU 6

JOU 6: EL SIMCHATH GILI – BONDYE KI PLEN M AK JWA


Reflechi sou lajwa w genyen lè w metrize yon bagay pou premye fwa. Petèt ou te aprann yon lang etranje ase byen pou finalman kapab kominike ak moun natif natal yon lòt peyi. Oswa ou kouri plizyè kilomèt avan w resi travèse dènye liy yon kous maraton. Petèt ou te eseye pandan plizyè ane pou w fini inivèsite epi finalman ou monte sou podyòm nan pou w pran diplòm ou. Lè sa a, ou ka santi yon dividal emosyon, men lajwa se toujou premye emosyon w santi.


Tout bon bagay soti nan Bondye, epi li kontan nan tout bon bagay. Li se sèl vrè sous lajwa, epi lè nou mete konfyans nou nan li, nou ka gen lajwa nan tout sikonstans. Nou ka gen lajwa nan mitan difikilte si espwa nou se nan Senyè a.


Erè nou souvan fè se chèche lajwa andeyò Bondye. Lè nou bay tèt nou valè selon opinyon lòt moun, oswa lajan nou touche, oswa pozisyon sosyal nou, nou rate vrè lajwa a. Nou rate lajwa ki genyen nan chemen lavi a, lajwa ki genyen nan dekouvri lòt bagay, lajwa ki genyen lè kè n ouvè bay Bondye. Epi nou rate tou yon kokenn okazyon pou pataje lajwa Senyè a ak lòt moun. Men lè nou ranpli ak lajwa ki soti nan Bondye, nou simaye lanmou ak plezi sou moun ki bò kote nou yo epi nou konnen vrè lajwa.


Si w te twouve devosyon sa a itil, nou vle ofri w kòm kado telechajman gratis yon mesaj sou non Jehovah Jireh. Mande tout mesaj Tony Evans lan la a.


Jou 5

Konsènan Plan sa a

Six Days Of The Names Of God

Nan tout non Bondye genyen yo, pou chak ladan yo li montre nou yon aspè nan karaktè li ak nati li. Apa Papa a, Pitit la ak Sentespri a, Bib la montre n plis pase 80 lòt non Bondye genyen. Nan devosyon sa a, n ap bay sis ...

More

Nou ta renmen remèsye The Urban Alternative (Tony Evans) paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://tonyevans.org/

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an