Enfo Plan an

Sis Jou, Sis Non BondyeEgzanp

Six Days Of The Names Of God

JOU 1 SOU 6

JOU 1: EL EMUNAH - BONDYE FIDÈL LA


Nou renmen panse nou se moun ki fidèl. Nou al travay alè (anjeneral) epi n fè travay nou ak dilijans. Nou met tan apa pou fanmi ak zanmi. Nou patisipe nan aktivite legliz nou, nou antre nan komite, nou fè travay volontè. Men kèlkeswa jan nou eseye rete fidèl, nou pa pafè. Yon jou kanmèm n ap rate yon reyinyon, bliye match foutbòl pitit nou oswa n bliye fè travay volontè a.


Paske nou pa ka toujou fidèl vre, li ankourajan pou n konnen n ap sèvi yon Bondye fidèl. Non li El Emunah vle di “ Bondye fidèl, ” e nou ka toujou konte sou li pou l vini, touse ponyèt li epi travay nan lavi nou. Eske l toujou kenbe pwomès li yo? Wi. Eske l toujou tande priyè nou yo? Wi. Eske l toujou rete avèk nou? Wi.


Gen kèk bagay ki rive nan lavi nou ki fè nou pa totalman fidèl ak lòt moun. Paske nou se moun, nou ap toujou tante fè chwa ki chita sou sove pwòp tèt nou, egoyis ak avaris. Kididonk, nou pa ka pafè toutan. Men lè nou absan, Bondye prezan pou nou. Epi li pran men n li mennen kote li vle ale ak nou an, nan travay li vle pou n fè a— sa vle di pou n fidèl epi prezan pou lòt moun. Lè nou vire fas nou bay Bondye nan moman feblès nou, fidelite li transfòme nou.


Si w te twouve devosyon sa a itil, nou vle ofri w kòm kado telechajman gratis yon mesaj sou non Jehovah Jireh.Mande tout mesaj Tony Evans lan la a.


Jou 2

Konsènan Plan sa a

Six Days Of The Names Of God

Nan tout non Bondye genyen yo, pou chak ladan yo li montre nou yon aspè nan karaktè li ak nati li. Apa Papa a, Pitit la ak Sentespri a, Bib la montre n plis pase 80 lòt non Bondye genyen. Nan devosyon sa a, n ap bay sis ...

More

Nou ta renmen remèsye The Urban Alternative (Tony Evans) paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://tonyevans.org/

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an