Enfo Plan an

Sis Jou, Sis Non BondyeEgzanp

Six Days Of The Names Of God

JOU 2 SOU 6

JOU 2: ELOHE CHASEDDI – BONDYE MIZERIKÒD


Lavi pa toujou garanti nou dezyèm chans. Gen moman kote move desizyon nou yo—pawòl piman bouk nou di yon zanmi, erè ki fèt nan travay la, move chwa n fè nan sante nou—koute nou chè. Nou pèdi amitye a. Yo revoke n nan travay nou. Nou soufri nan sante nou. Menm si nou ta chanje, pa gen okenn asirans tout bagay pral oke.


Men mizèrikòd Bondye limenm ba nou dezyèm chans apre dezyèm chans. Elohe Chaseddi—Bondye mizèrikòd la — benyen nou ak padon li e li kouvri nou avèk bonte li. Li toujou veridik. Li toujou gen pitye. Li toujou gen konpasyon. Si nou renmen l epi mande l padon, l ap padone n. Toutan.


Paske li se yon Bondye mizèrikòd, nou ka viv san kè sote. Nou toujou ka jwenn dividal lapè nan tèt ak nan kè li bay gratis la. Li pwomèt pou l toujou avèk nou epi pou l ede n travèse tout sitiyasyon tèt chaje, tout sezon difisil. Menm lè erè yo se pwòp fot nou, li toujou pare pou l padone yon kè ki repanti.


Olye pou n enkyete pou yè, Bondye vle nou konsantre sou jodi a. Ki jan nou ka sèvi l jodi a? Ki plan li genyen pou nou akonpli jodi a? Ki jan nou ka pataje l ak lòt moun jodi a? Se sa ki bèl nan mizèrikòd—dezyèm chans, gade devan, pandan n ap fikse je nou sou avni Bondye sere pou nou.


Jou 1Jou 3

Konsènan Plan sa a

Six Days Of The Names Of God

Nan tout non Bondye genyen yo, pou chak ladan yo li montre nou yon aspè nan karaktè li ak nati li. Apa Papa a, Pitit la ak Sentespri a, Bib la montre n plis pase 80 lòt non Bondye genyen. Nan devosyon sa a, n ap bay sis ...

More

Nou ta renmen remèsye The Urban Alternative (Tony Evans) paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://tonyevans.org/

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an