Sis Jou, Sis Non BondyeEgzanp

Six Days Of The Names Of God

JOU 4 SOU 6

JOU 4: ESH OKLAH – YON DIFE K AP BOULE

Èske w janm temwen kantite dega yon dife forè ka fè? Li kankannen tout bagay sou wout li. Se kòm si l t ap kouri vòltije sou tèt wout ak pon e menm rivyè. Kounye a, imajine yon dife k ap boule ki pi gwo pase linivè, epi w ap kòmanse gen yon ti apèsi pouvwa Bondye.

Nou ta dwe gen respè pou kokennchenn pouvwa Bondye genyen, men nou bezwen tou sonje Li se yon Bondye ki gen santiman tankou yon moun epi ki gen anpil kè sansib pou nou. Se poutèt sa, li se yon Bondye ki merite louwanj ak adorasyon nou toutan. Nou pa ta dwe pran l alalejè, men nou pa ta dwe pè rele nan pye l epi antre nan yon relasyon avè l.

Grandè Bondye ka difisil pou n imajine, menm jan ak atansyon li bay tout ti detay nan lavi nou. Kijan yon moun ki pwisan konsa ka okipe ti bagay ki sanble san valè nan lavi nou? Se paske li gen anpil konpasyon pou nou. Se poutèt sa nou dwe kite gwo dife k ap boule a boule nan kè nou.

Li se Esh Oklah, yon dife k ap boule, men yon dife ki ranpli ak gras, pasyans ak konpasyon. Li rale n sou li yon fason pou nou ba l premye plas nan kè nou, nan lespri nou ak nan nanm nou. Epi nan mitan dife a, Li simen lanmou nan kè nou.

Jou 3Jou 5

Konsènan Plan sa a

Six Days Of The Names Of God

Nan tout non Bondye genyen yo, pou chak ladan yo li montre nou yon aspè nan karaktè li ak nati li. Apa Papa a, Pitit la ak Sentespri a, Bib la montre n plis pase 80 lòt non Bondye genyen. Nan devosyon sa a, n ap bay sis non Bondye ak siyifikasyon yo pou ede kwayan yo pwoche pi pre Letènèl, Bondye tout bon an. Devosyon sa a soti nan liv “Experience the Power of God's Names: A Life-Giving Devotional” Doktè Tony Evans ekri. Eugene, OR: Harvest House Publishers, 2017.

More

Nou ta renmen remèsye The Urban Alternative (Tony Evans) paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://tonyevans.org/