LògèyEgzanp

Sèvi Bondye nan Imilite
Lògèy souvan twonpe nou, fè nou panse ke nou ka fè tout bagay pou kont nou, san èd ni direksyon Bondye. Sepandan, sa lògèy pa montre nou, se feblès ak limit nou genyen lè nou fèmen kè nou pou favè Bondye. Lè nou repoze sou pwòp kapasite nou, nou ekspoze tèt nou a echèk epi nou twonpe pwòp tèt nou, paske fòs nou pou kont li pa ase pou fè fas ak gwo defi lavi yo. O kontrè, imilite se yon siy fòs ak sajès. Li pa vle di feblès, men pito yon rekonesans ke vrè fòs la se nan depandans total nou sou Bondye nou jwenn li. Toujou sonje kijan Bondye bay favè ak moun ki gen imilite, men li reziste a moun ki gen lògèy. Yon kè ki emb se yon kè ki gen valè devan Bondye.
Lè nou apwoche lavi ak yon atitid ki chaje ak imilite, nou ouvè tèt nou pou Bondye dirije chak pa nou yo epi sèvi ak nou jan li vle. Imilite fè nou dispoze pou koute konsèy, aksepte koreksyon, e chèche direksyon Bondye nan tout bagay. Imilite pèmèt nou wè verite a jan Bondye revele li epi evite erè lògèy ki kapab mennen nou nan destriksyon. Lè nou gen imilite, nou prepare kè nou pou resevwa tout sa Bondye rezève pou nou, epi soumèt ak volonte li.
Imilite se kle ki ouvè pòt favè, direksyon, ak pwoteksyon Bondye nan lavi nou. An nou fè chwa pou sèvi Bondye ak imilite, rekonèt tout sa nou ye ak tout sa nou ka fè soti nan li. Lè kè nou emb, nou vin yon veso ke Bondye ka itilize san okenn baryè, epi se la nou jwenn vrè grandè ak viktwa nan Kris la.
Konsènan Plan sa a

Lògèy se yon pyèj ki ka anpeche nou grandi nan Bondye. Pandan lekti sa a, n ap egzamine konsekans lògèy epi dekouvri kijan Bondye rele nou pou nou viv nan imilite. Avèk egzanp Biblik, nou pral aprann kouman lògèy kapab detwi e kouman imilite ka leve nou pi wo.
More
Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/
Plan ki liye yo

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Bondye pa ChatGPT

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi
