LògèyEgzanp

Lògèy

JOU 1 SOU 4

Pyèj Lògèy Yo

Lògèy se youn nan pyèj ki pi danjere nan lavi espirityèl yon kretyen. Lè lògèy antre nan kè nou, li avègle je nou pou nou pa wè pwòp feblès nou, ni fason nou bezwen favè Bondye a chak jou. Lògèy fè nou panse nou pi siperyè pase lòt moun, ke konesans nou, kapasite nou, ak pozisyon nou pi wo pase sa lòt moun genyen. Lè sa a, nou vin pran desizyon ki pa aliyen ak volonte Bondye, desizyon ki ka mennen nan destriksyon pwòp lavi nou e menm nan relasyon nou ak lòt moun. ‘’Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.’’

Bondye, nan plan li, valorize moun ki gen imilite. Li opoze ak moun ki gen lògèy epi li bay favè ak moun ki gen imilite yo. Lè nou gen lògèy, nou fèmen pòt favè Bondye a sou nou. Se tankou yon vwal ki kouvri je nou epi fè nou pèdi sansiblite espirityèl. Lògèy fè nou voye jete konsèy bon zanmi, dirijan espirityèl, e menm Sentespri a. Se konsa nou ekspoze tèt nou ak echèk trajik, paske lògèy fè kè nou vin di e li anpeche nou koute vwa Bondye.

Se sak fè, kòm kretyen, nou dwe toujou egzamine kè nou epi veye pou nou pa tonbe nan pyej lògèy la. Nou dwe kenbe yon atitid imilite, rekonèt ke tout sa nou ye ak tout sa nou genyen se favè Bondye. Imilite mennen nou nan obeyi Bondye epi gen respè pou lòt moun, pandan ke lògèy la menm, ap mennen nou nan rebelyon e finalman nan destriksyon pwòp tèt nou. An nou sonje lavi kretyèn nan se yon pelerinaj ki fèt nan imilite, kote nou chèche fè volonte Bondye e onore non li, olye pou nou chèche glwa pou tèt nou.

Konsènan Plan sa a

Lògèy

Lògèy se yon pyèj ki ka anpeche nou grandi nan Bondye. Pandan lekti sa a, n ap egzamine konsekans lògèy epi dekouvri kijan Bondye rele nou pou nou viv nan imilite. Avèk egzanp Biblik, nou pral aprann kouman lògèy kapab detwi e kouman imilite ka leve nou pi wo.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/