LògèyEgzanp

Lògèy

JOU 3 SOU 4

Lògèy Bouche Je nou Pou Nou Pa wè Glwa Bondye

Lògèy se yon baryè ki fè kè nou vin fèmen pou resevwa gras ak favè Bondye. Lè lògèy ranpli kè nou, nou vin panse ke nou kapab kontwole tout bagay pou kont nou, san bezwen sipò oswa direksyon Bondye. Kòm rezilta, nou apwoche lavi a ak yon je endepandan, fyè, e san repantans, nou menm kwè ke nou pa gen anyen pou nou aprann nan men Bondye oswa lòt moun. Bib la pale nou de parabòl farizyen an ak pèseptè lajan ki se yon demonstrasyon ki klèman ban nou yon lide sou kijan lògèy se yon danje pou nou. Farizyen an, ranpli ak lògèy, te kanpe ap fè lwanj pwòp jistis li, pandan l ap meprize pèseptè lajan an. Men, pèseptè lajan an te gen yon kè ki emb, li te rekonèt bezwen li te genyen pou Bondye e li mande te mande padon.

Se egzakteman sa lògèy fè nan lavi nou: li fè nou avèg sou pwòp defo nou yo pandan li ranpli kè nou ak yon kalite fyète ki mennen nan peche. Nou vin santi nou pi bon pase lòt moun epi nou fèmen kè nou pou Bondye. Bib la kontinye pou li di nou kijan malveyan an, ak ògèy li, pa chache Bondye; tout panse li yo se ke Bondye pa gen plas nan lavi li. Lògèy anpeche nou gen relasyon entim ak Bondye paske li fè kè nou vin di, li anpeche nou repanti, epi li anpeche nou resevwa direksyon Sentespri a. Se tankou yon miray ki izole nou de lanmou ak mizèrikòd Bondye.

An reyalite, se imilite ki ouvri pòt la pou Bondye antre fè kay Li nan kè nou. Lè nou gen imilite, nou rekonèt limit nou, feblès nou, e bezwen nou genyen pou Bondye. Nou vin dispoze pou kite Li dirije lavi nou epi chanje nou selon volonte Li. Bondye fè lwanj moun ki gen kè ki emb yo, moun ki soumèt devan Li ak tout kè yo, paske nan imilite gen favè, gerizon, ak direksyon. Se lè nou kenbe kè nou pwòp, senp, epi san lògèy Bondye ka abite nan nou epi itilize nou pou akonpli volonte Li sou tè a. An nou toujou sonje lavi espirityèl ki plen bon frui se yon lavi ki mache ak imilite epi ki toujou chèche fè volonte Bondye.

Konsènan Plan sa a

Lògèy

Lògèy se yon pyèj ki ka anpeche nou grandi nan Bondye. Pandan lekti sa a, n ap egzamine konsekans lògèy epi dekouvri kijan Bondye rele nou pou nou viv nan imilite. Avèk egzanp Biblik, nou pral aprann kouman lògèy kapab detwi e kouman imilite ka leve nou pi wo.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/