LògèyEgzanp

Lògèy Chita nan Kè Lòm
Lògèy se yon kondisyon kè ki ka pran plizyè fòm, epi li souvan enstale an silans. Pafwa, lògèy parèt tankou yon gwo fyète pou sa nou posede oswa akonplisman nou fè. Nou ka santi nou pi enpòtan pase lòt moun akòz pozisyon nou, richès nou, oswa konesans nou. Sa fè nou tounen moun ki djòlè, toujou ap fè lwanj pwòp tèt nou e gade lòt moun ba. Lè lògèy anvayi kè yon moun, li detounen li de volonte Bondye. Nan pèspektiv Bondye, lògèy se yon obstak pou nou ka grandi espirityèlman, paske li fè nou vin fèmen nan pwòp rezonman nou, san konsidere direksyon Bondye.
Anplis, lògèy ap toujou mennen nou lwen respè ak lanmou pou lòt moun. Olye pou nou wè lòt moun kòm frè ak sè nou dwe sèvi ak respè, lògèy fè nou trete yo ak mepri. Nou vin santi nou pa bezwen koute okenn konsèy, ni rekonesans pou okenn èd. Se konsa, kè nou vin di epi nou pèdi sansiblite pou bezwen lòt moun. Men, Jezi Kris te montre nou ke vrè grandè pa chita nan lògèy, men nan imilite ak sèvis. Lè nou viv nan imilite, nou ouvè kè nou pou Bondye travay nan nou, pou l fòme nou jan li vle.
Pou nou pwoteje kè nou kont lògèy, nou dwe fè efò chak jou pou chèche volonte Bondye anvan tout lòt bagay. Nou dwe chèche sèvi lòt moun avèk lanmou epi respekte yo menm lè yo pa nan nivo nou ta swete. Lè nou fè sa, nou mete kè nou an anplas pou Bondye travay nan nou ak fòme nou pou Li kapab sèvi ak nou kòm sèl ak limyè nan mond lan.
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Lògèy se yon pyèj ki ka anpeche nou grandi nan Bondye. Pandan lekti sa a, n ap egzamine konsekans lògèy epi dekouvri kijan Bondye rele nou pou nou viv nan imilite. Avèk egzanp Biblik, nou pral aprann kouman lògèy kapab detwi e kouman imilite ka leve nou pi wo.
More
Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/
Plan ki liye yo

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Bondye pa ChatGPT

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi
