Vwayaje LejèEgzanp

Travel Light

JOU 2 SOU 7

Kite Ofans yo Ale

Petèt ou te yon pèsonaj nan istwa sa: Nap chaje machin lan, nap prepare nou pou yon vwayaj nan sezon Nwèl la poun al wè lòt manm fanmi yo. Map aji tankou yon Patwon ki konplètman-estrèse 2.0 pou pitit mwen yo epi mari mwen lè ofinal-mwen krake. Mari mwen an te panche, "Kisa kap pase la?" San ankenn dout, ta sanble mwen te depase pwòp estrès-nòmal mwen

Pandan nap pase plizyè kilomèt, mwen poze tèt mwen kesyon sa ki parèt kliche, Poukisa mwen strese nan nivo sa pandan peryòd kè kontan sa nan lane a? Ou konn lojik la. Se moman pou Jezi ti bebe, fanmi, zanmi, panye fwi, kado, foutbòl, epi san ankenn dout chokola cho. Se yon moman repo nan aktivite chak jou nou yo. Ki pwoblèm mwen?

Mwen pat ale twò lwen, alòs mwen te deside mande Bondye pou Li ede mwen wè sa kap pase a. Kòmantè-plizyè lane ak kritik kap soti nan yon manm fanmi te tounen nan panse mwen.

Èske se pa nan espas sa tout presyon te konn monte? Kondwi a te ban mwen tan poum reyalize mwen te kwè mòd kòmantè yo epi valide yo nan pwòp panse feblès mwen yo. Mwen te vin fache kont pwòp tèt mwen paske mwen pat defann pwòp tèt mwen, men, mwen te fache tou paske mwen tap pote pwa lou sa pandan tout tan sa. Mwen te fache paske mwen te kite bagay sa afekte pwòp fanmi mwen. Men, fache ak pwòp tèt mwen pat fè twòp bagay pou soulaje presyon an.

Ofinal, mwen te deside kòmanse lapriyè pou moun ki fè mwen sa ki mal. Sa kapab pa chanje moun sa yo, men san ankenn dout sa pral chanje mwen, mwen te panse ak pwòp tèt mwen. Mwen te deside kòmanse ankouraje moun sa yo paske mòd kòmantè a yo petèt te soti nan feblèm ak blesi mwen te santi a tou. Se yon pi bon wout pouw desann. Wout pa Bondye a.

Mwen te deside poum padone tou. Jezi te di nou epi Li te montre nou kijan pou nou padone. Li te padone mwen. 77 fwa nan yon jounen, se kantite fwa Li te di nou dwe padone youn lòt. Nan kèk lòt mo, nou ta dwe padone youn lòt toutotan nou bezwen padone yon lòt.

Machin fanmi nou an te pi lejè ane sa paske mwen pat pote pwa lou perèz ak doulè. Olye de sa, map chaje lapè, prezans ak limyè Li.

Ki relasyon nan lavi ou kap kreye presyon? Kouman wap kite Jezi soulaje presyon an nan ou?

Christi, ap vwayaje lejè pou sezon Nwèl sa

Konsidere: Poukiyès ou pral priye pi souvan? Kouman ou kapab padone moun sa yo?

Konsènan Plan sa a

Travel Light

Nan yon sezon Nwèl ki ranpli ak moun, pifò nan nou santi estrès ak enkyetid nan relasyon familyal, presyon finansye, desizyon san reflechi, ak desepsyon atant nou yo. Alòs, pran devan. Fon respire. Kòmanse Plan Biblik Life.Church lan epi reyalize pwa lou sa nou santi a kapab yon bagay Bondye pat janm mande nou pote. E si nou lage bagaj sa? Ann vwayaje lejè.

More

Nou ta renmen remèsye legliz Life.Church dèske li pote plan sa. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.life.church/

Plan ki liye yo