Vwayaje LejèEgzanp

Travel Light

JOU 1 SOU 7

Kite ... Tout Bagay Nèt

Èskew te janm ranpli valiz ou? Bagay sa se yon gwo plezi epi souvan ki mennen nan destinasyon mayifik. Lè wap ranpli valiz ou pou premye fwa, byen rapid ou vin reyalize ke tout sa ou pran yo se bagay wap pote. Pou plizyè kilomèt. Anjeneral kap monte. Pifò moun kap ranpli valiz yo konnen ou pap kapab pote tout sa ou vle. Moun kap ranpli valiz ki gen eksperyans konnen ou pap menm kapab pote tout sa ou panse ou gen bezwen.

Chak ti grenn pwa ​​konte.

Bagay sa pa twò diferan ak lavi, se pa vre? Twò souvan, map eseye pote sa Bondye pat janm gen entansyon poum te pote. Mwen konnen ase poum pa panse Bondye vle mwen pote fanmi ki brize, presyon finansye, regrè pou move desizyon, objektif mwen rate nan travay, ak nenpòt lòt bagay mwen ta kapab ap eseye ranmase jounen jodya.

Bondye mande nou aklè pou nou pote chay nou yo ba Li (1 Pyè 5:7) epi pou nou abandone tout bagay kap ralanti nou (Ebre 12:1). Sa enkwayab anpil pou nou panse Bondye vle nou voye jete tout bon vre tout sa kap anpeche nou. Men, poukisa Bondye vle pou nou vwayaje lejè? Poukisa Lap eseye pran laperèz, lawont, adiksyon, regrè, ak pwoblèm kontwòl nou yo?

Lè wap ranpli valiz ou pouw fè yon vwayaj, tout saw kite atè se plas ou fè pou yon lòt bagay. Bondye vle gen plis plas nan lavi nou pou pwòp tèt Li.

Sa se yon komès enkwayab si wap panse sou sa; nou lage chay nou yo bay Bondye epi Li ban nou pwòp tèt Li. Fènwa pou limyè. Estrès pou lapè. Kòlè pou kè kontan. Regrè pou libète. Poutan, plis nap pran nan men Li, se plis nap vin pi lejè.

Ki kèk bagay ou tap ranmase sou chimen an ki vin twò lou pou ou? Ou pa bezwen pote bagay sa yo ankò. Ou kapab chanj yo pouw jwenn plis nan men Bondye. Ki bagay ou vle pote men ki pat la pou ou pote? Kouman ou kapab fè Bondye konfyans? Ki bagay ou panse ou gen bezwen ke ou jis pa gen fòs pouw pote? Kouman ou kapab kite se Bondye ak lòt moun ki pote pwa sa yo sou zepòl yo?

Matt, ap rekipere anba-ranpli valiz

Lapriyè: Bondye, map mennen Ou nan kontra Paw la. Mwen pral kòmanse fèw konfyans epi(mete chay espesifik ou yo). Mèsi paske Ou pote mwen epi soutni mwen. Amèn. 

Koute mesaj ak jwenn resous sou lyen sa.

Konsènan Plan sa a

Travel Light

Nan yon sezon Nwèl ki ranpli ak moun, pifò nan nou santi estrès ak enkyetid nan relasyon familyal, presyon finansye, desizyon san reflechi, ak desepsyon atant nou yo. Alòs, pran devan. Fon respire. Kòmanse Plan Biblik Life.Church lan epi reyalize pwa lou sa nou santi a kapab yon bagay Bondye pat janm mande nou pote. E si nou lage bagaj sa? Ann vwayaje lejè.

More

Nou ta renmen remèsye legliz Life.Church dèske li pote plan sa. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.life.church/

Plan ki liye yo