Revelasyon 11

11
1Answit, yo te ban mwen yon #Éz 40:3—42:20gòl pou mezire tankou yon baton, e youn te di: “Leve pou mezire tanp Bondye a, lotèl la ak sila ki adore ladann yo. 2Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske #Luc 21:24li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va #Dan 7:25foule vil sen an anba pye yo pandan karant-de mwa.
3“Mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk #Jen 37:34twal sak.” 4Sa yo se #Za 4:3,11,14de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a. 5Si yon moun vle fè yo mal, #II Wa 1:10-12dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a. 6Sa yo gen pouvwa pou #I Wa 17:1fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle. 7Lè yo fini temwayaj yo, #Rev 13:1bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo. 8Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele #És 1:9,10Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.
9Sila ki soti nan #Rev 5:9pèp yo, tribi yo, lang ak nasyon yo va gade kadav pa yo pandan twa jou edmi, e li p ap pèmèt pou kadav yo mete nan tonbo. 10#Rev 3:10Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.
11Men apre twa jou edmi yo, #Éz 37:5,9,10,14souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo, e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo. 12Epi yo te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di yo: #Rev 4:1“Vin monte isit la.” Konsa yo te #II Wa 2:11monte nan syèl la nan nwaj la, e menm lènmi yo te gade yo.
13Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.
14Dezyèm malè a gen tan pase. Gade byen, twazyèm malè a ap vini byen vit.
15Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. #Egz 15:18Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
16Venn-kat ansyen yo, ki #Mat 19:28chita sou twòn pa yo devan Bondye, te #Rev 4:10tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, #Rev 1:8O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse #Rev 19:6renye.
18 # Sòm 2:1 “Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
19 # Rev 15:5 Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e #Eb 9:4lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.

Chwazi Kounye ya:

Revelasyon 11: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte