Revelasyon 10
10
1Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon #Rev 4:3lakansyèl la te sou tèt li. #Rev 17:2Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.
2Li te gen nan men l, yon #Rev 5:1ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a. 3Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, #És 3:14tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.
4Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, #Rev 1:11-19mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”
5Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, #Det 32:40te leve men dwat li vè syèl la, 6e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. #Egz 20:11Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò, 7men nan jou vwa #Rev 11:15setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, #Am 3:7mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.
8 #
Rev 10:4
Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki #Rev 10:2kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.
9Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: #Jr 15:16“Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”
10Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.
11Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan #Rev 5:9anpil pèp, nasyon, lang, ak #Rev 17:10,12wa.”
Chwazi Kounye ya:
Revelasyon 10: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith