1
Revelasyon 11:15
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
Konpare
Eksplore Revelasyon 11:15
2
Revelasyon 11:18
“Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
Eksplore Revelasyon 11:18
3
Revelasyon 11:3
“Mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk twal sak.”
Eksplore Revelasyon 11:3
4
Revelasyon 11:11
Men apre twa jou edmi yo, souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo, e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo.
Eksplore Revelasyon 11:11
5
Revelasyon 11:6
Sa yo gen pouvwa pou fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle.
Eksplore Revelasyon 11:6
6
Revelasyon 11:4-5
Sa yo se de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a. Si yon moun vle fè yo mal, dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a.
Eksplore Revelasyon 11:4-5
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo