Revelasyon 12

12
1Yon #Mat 24:30gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal. 2Li te gwo ansent e te #És 26:17kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.
3Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo #És 27:1dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn. 4Konsa, ke li te #Rev 8:7,12baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te #Dan 8:10jete yo sou latè.
Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a. 5#És 66:7Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an. 6Answit fanm nan te sove ale nan dezè a kote li te #Rev 11:3gen yon plas prepare pa Bondye, pouke la, li ta kapab nouri pandan mil-de-san-swasann jou.
7Epi te gen lagè nan syèl la. #Dan 10:13,21Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk #Mat 25:41zanj pa li yo t ap fè lagè. 8Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la. 9Gran dragon an te jete anba; #Jen 3:1sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.
10Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske #Job 1:11akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan. 11Yo te venk li akoz #Rev 7:14san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.
12“Pou rezon sa a, #Sòm 96:11rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”
13Alò, lè #Rev 12:3dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.
14Men #Egz 19:4de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.
15Konsa, #Jen 3:1sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo. 16Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a. 17Donk, dragon a te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou #Rev 11:7fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.

Chwazi Kounye ya:

Revelasyon 12: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte