Sòm Yo 139

139
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1O SENYÈ, Ou te #Sòm 17:3sonde mwen e te konnen mwen.
2Ou konnen lè m chita ak lè m leve.
Ou konprann panse mwen yo de lwen.
3Ou konn #Job 14:16egzamine chemen mwen fè avèk
kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.
4Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,
Men gade, O SENYÈ, Ou #Eb 4:13konnen tout li menm.
5Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e
Ou te #Job 9:33poze men Ou sou mwen.
6 # Wo 11:33 Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.
Li twò wo.
Mwen pa kab rive kote l.
7 # Jr 23:24 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?
Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?
8 # Am 9:2-4 Si mwen monte nan syèl la, Ou la.
Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.
9Si mwen pran zèl nan maten,
si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,
10menm la, se men Ou k ap #Sòm 23:2-3mennen mwen,
e se men dwat Ou k ap kenbe m.
11Si mwen di: “Anverite, #Job 22:13tenèb la va kouvri mwen,
e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”
12menm tenèb la pa tenèb pou Ou,
e fènwa a klere menm jan ak lajounen.
# I Jn 1:5 Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
13Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te #Job 10:11tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo #Sòm 40:5depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
15 # Job 10:8-10 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.
16Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv #Sòm 56:8Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
17Anplis, SENYÈ, a la presye se #Sòm 40:5panse Ou yo yo pou mwen!
A la gran, yo gran anpil!
18Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.
Lè m #Sòm 3:5leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.
19O ke Ou ta #És 11:4touye mechan yo, O Bondye.
Soti sou mwen, O moun ki vèse san.
20Paske yo #Jd 15pale kont Ou ak mechanste,
e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.
21Èske m pa #II Kwo 19:2rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?
Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?
22Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.
Yo devni lènmi m.
23Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.
Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.
24Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e
mennen mwen nan chemen etènèl la.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 139: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte