Sòm Yo 140
140
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 #
Sòm 17:13
Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo.
Delivre m de moun vyolan yo:
2ka p #Sòm 7:14 fè manèv mechan nan kè yo.
Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.
3Yo file lang yo tankou koulèv.
#
Sòm 58:4
Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan
4Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.
Pwoteje m de moun vyolan ki te #Sòm 36:11 fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
5Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen.
Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la.
Yo fin plase yon #Sòm 141:9pyèj pou mwen. Tan
6Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.”
Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.
7O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an,
Ou te #Sòm 144:10kouvri tèt mwen nan jou batay la.
8Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an.
Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan
9Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo,
pou #Sòm 7:16malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.
10Kite #Sòm 11:6chabon tou limen vin tonbe sou yo.
Kite yo jete nan dife,
nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.
11Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè.
#
Sòm 24:2-10
Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
12Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,
e fè #Sòm 12:5jistis pou malere a.
13Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou.
Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 140: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith