1
Sòm Yo 139:14
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Mwen va bay Ou anpil remèsiman, paske mwen fèt yon fason mèvèye. Zèv Ou yo depase bon konprann e nanm mwen byen konnen sa.
Konpare
Eksplore Sòm Yo 139:14
2
Sòm Yo 139:23-24
Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen. Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo. Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e mennen mwen nan chemen etènèl la.
Eksplore Sòm Yo 139:23-24
3
Sòm Yo 139:13
Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo. Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
Eksplore Sòm Yo 139:13
4
Sòm Yo 139:16
Zye Ou te wè matyè san fòm mwen. Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
Eksplore Sòm Yo 139:16
5
Sòm Yo 139:1
O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.
Eksplore Sòm Yo 139:1
6
Sòm Yo 139:7
Kibò mwen kab ale kite lespri Ou? Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?
Eksplore Sòm Yo 139:7
7
Sòm Yo 139:2
Ou konnen lè m chita ak lè m leve. Ou konprann panse mwen yo de lwen.
Eksplore Sòm Yo 139:2
8
Sòm Yo 139:4
Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen, Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.
Eksplore Sòm Yo 139:4
9
Sòm Yo 139:3
Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.
Eksplore Sòm Yo 139:3