Sòm Yo 138

138
Yon Sòm David
1 # Sòm 111:1 Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.
Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.
2Mwen va pwostène mwen #I Wa 8:29vè sen tanp Ou a,
e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;
Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
3Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.
Ou te fè m plen ak kouraj ak #Sòm 28:7fòs nan nanm mwen.
4 # Sòm 72:11 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,
lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
5Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,
paske #Sòm 21:5gran se glwa SENYÈ a.
6Paske malgre SENYÈ a egzalte,
Li toujou okipe sila ki ba yo.
Men moun ki #Sòm 40:4ògeye yo,
Li rekonèt yo de lwen.
7Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,
Ou va fè m #Éz 9:8-9reprann mwen.
Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.
Men dwat Ou va sove mwen.
8SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.
Pa abandone zèv men Ou yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 138: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte