Pwovèb Yo 15

15
1Yon repons ki dous kalme kòlè;
men yon #I Sam 25:10-13 mo sevè pwovoke gwo fache.
2 # Pwov 15:7 Lang a saj la gen pou mèt, konnesans;
men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
3Zye a SENYÈ a tout kote;
L ap veye sa ki bon ak sa ki mal.
4Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi;
men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.
5Yon moun ensanse refize disiplin a papa l;
men sila ki aksepte repwòch gen sajès.
6Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo;
men gwo twoub se salè a mechan an.
7Lèv a moun saj yo gaye konesans;
men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.
8Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a;
men #Pwov 15:29lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.
9Chemen mechan an abominab a SENYÈ a;
men Li renmen sila ki #I Tim 6:11chache ladwati a.
10Pinisyon byen di ap tann sila ki abandone chemen an;
sila ki rayi korije a va mouri.
11Sejou mò yo ak labim nan parèt devan zye SENYÈ a;
konbyen, anplis, pou #I Sam 16:7 kè a lòm!
12 # Pwov 13:1 Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la;
li pa janm ale kote moun saj.
13Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi;
men lè kè a tris, #Pwov 17:22 lespri a vin brize.
14 # Pwov 18:15 Lespri a moun entèlijan an chache konesans;
men bouch a moun sòt la, manje foli.
15Tout jou aflije yo move;
men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.
16Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a,
pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
17Pi bon se yon plato legim avèk lanmou,
pase yon bèf gra ak rayisman.
18Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli;
men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.
19Wout a parese a se tankou yon ran pikan;
men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
20Yon #Pwov 10:1fis ki saj fè papa l kontan;
men yon gason ensanse meprize manman l.
21Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan;
men yon nonm ak bon konprann #Pwov 14:8mache dwat.
22San konsèy, plan yo vin jennen;
men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.
23Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis,
e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
24Wout lavi a mennen moun saj la anwo,
pou l kab evite Sejou mò k ap tann li anba a.
25SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a;
men L ap etabli lizyè vèv la.
26Plan mechan yo abominab a SENYÈ a;
men pawòl agreyab yo san tach.
27Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li;
men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.
28Kè a moun dwat la #I Pi 3:15reflechi anpil pou bay repons;
men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
29SENYÈ a lwen mechan an;
men Li #Sòm 145:18-19tande lapriyè a moun dwat yo.
30Zye klè fè kè kontan;
bòn nouvèl kon mete grès sou zo.
31Zòrèy k ap koute repwòch ap viv;
zore ki koute koreksyon ap alèz pami saj yo.
32Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li;
men sila ki #Pwov 15:5 koute repwòch ranmase bon konprann.
33Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;
avan onè, fòk imilite.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb Yo 15: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte