Pwovèb Yo 16

16
1 # Pwov 16:9 Plan kè a sòti nan lòm;
men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.
2Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li;
men SENYÈ a peze sa k nan kè l.
3 # Sòm 37:5 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,
e plan ou yo va etabli.
4SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li;
menm #Wo 9:22 mechan yo pou jou jijman an.
5Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a;
anverite, li p ap chape anba pinisyon.
6Pa #Dan 4:27lanmou dous avèk verite, inikite lave;
e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.
7Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan,
# Jen 33:4 l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.
8Pi bon se piti ak ladwati
pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
9Panse a lòm fè plan pou wout li;
men #Sòm 37:23 SENYÈ a dirije pa li yo.
10Se desizyon diven ki nan lèv a wa a;
bouch li pa dwe fè erè nan jijman.
11Yon balans ki jis apatyen a Bondye;
li veye sou tout pwa nan sak yo.
12Se abominab pou wa yo komèt zak mechan,
paske yon #Pwov 25:5twòn etabli sou ladwati.
13Lèv ki dwat se plezi a wa yo;
e sila ki pale dwat, vin renmen.
14Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò;
men yon nonm saj va kalme li.
15Nan vizaj a yon wa briye lavi;
e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.
16A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò!
Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.
17 # És 35:8 Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal;
sila ki veye chemen li an prezève lavi li.
18Ògèy ale devan destriksyon
e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.
19Li pi bon pou rete #Pwov 3:34enb nan lespri avèk sila ki ba yo,
pase divize piyaj ak moun ògeye yo.
20Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;
beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
21 # Os 14:9 Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann;
e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
22Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l;
men pou disipline moun ensanse yo se foli.
23 # Sòm 37:30 Kè moun saj la enstwi bouch li;
li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.
24 # Sòm 19:10 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;
dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
25 # Pwov 12:15 Gen wout ki parèt bon a yon nonm;
men fen li se lanmò.
26Apeti a yon ouvriye fè byen pou li;
paske se grangou ki ankouraje l.
27Yon #Pwov 6:12-18sanzave fòmante mechanste;
pawòl li yo brile tankou dife wouj.
28Yon nonm pèvès gaye konfli,
e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.
29Yon nonm vyolan #Pwov 1:10ap tante vwazen li
pou l mennen li nan move chemen.
30Sila kap bay je dou, fè l pou l kab mennen bagay pèvès;
sila ki fèmen sere lèv li, fè mal la rive.
31Yon #Pwov 20:29tèt blanch se yon kouwòn laglwa;
li jwenn nan chemen ladwati a.
32Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo;
e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.
33Tiraj osò fèt nan fon wòb;
men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb Yo 16: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte