1
Pwovèb Yo 15:1
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Yon repons ki dous kalme kòlè; men yon mo sevè pwovoke gwo fache.
Konpare
Eksplore Pwovèb Yo 15:1
2
Pwovèb Yo 15:33
Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès; avan onè, fòk imilite.
Eksplore Pwovèb Yo 15:33
3
Pwovèb Yo 15:4
Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi; men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.
Eksplore Pwovèb Yo 15:4
4
Pwovèb Yo 15:22
San konsèy, plan yo vin jennen; men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.
Eksplore Pwovèb Yo 15:22
5
Pwovèb Yo 15:13
Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi; men lè kè a tris, lespri a vin brize.
Eksplore Pwovèb Yo 15:13
6
Pwovèb Yo 15:3
Zye a SENYÈ a tout kote; L ap veye sa ki bon ak sa ki mal.
Eksplore Pwovèb Yo 15:3
7
Pwovèb Yo 15:16
Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a, pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
Eksplore Pwovèb Yo 15:16
8
Pwovèb Yo 15:18
Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli; men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.
Eksplore Pwovèb Yo 15:18
9
Pwovèb Yo 15:28
Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons; men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
Eksplore Pwovèb Yo 15:28