Pwovèb Yo 14
14
1 #
Rt 4:11
Fanm saj la bati kay li,
men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.
2Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a;
men sila ki fè chemen #Pwov 2:15 kwochi a meprize li.
3Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li;
men #Pwov 12:6lèv a saj yo va pwoteje yo.
4Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp;
men se fòs a bèf la ki fè richès.
5Yon #Rev 1:5temwen fidèl p ap bay manti;
men yon fo temwen pale manti.
6Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;
men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
7Kite #Pwov 23:9prezans a yon moun ensanse,
sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.
8Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;
men #I Kor 3:19betiz a moun ensanse a se desepsyon.
9Moun ensanse kontwole peche kon jwèt;
men #Pwov 3:34pami moun dwat yo, gen bòn volonte.
10Kè a konnen pwòp #I Sam 1:10 amètim ak bonè li;
men ak lòt, sa p ap pataje.
11 #
Job 8:15
Lakay mechan yo va detwi;
men tant a moun dwat la va fleri.
12Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm;
men #Wo 6:21fen li se chemen lanmò an.
13Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè,
e #Ekl 2:1-2lajwa kon fini nan tristès.
14Kè a ki pa fidèl va #Pwov 1:31jwen rekonpans pou pwòp chemen li;
men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.
15Moun san konprann kwè nan tout bagay;
men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo.
16Yon nonm saj fè atansyon pou l #Job 28:28vire kite mal;
men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.
17Yon nonm kolerik aji nan foli,
e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo.
18Moun san konprann yo gen foli kon eritaj;
men moun rezonab lan kouwone ak konesans.
19 #
I Sam 2:36
Mal la va bese devan sa ki bon an;
e mechan an devan pòtay a moun dwat la.
20 #
Pwov 19:7
Malere a vin rayi menm pa vwazen li;
men moun gwo kòb gen anpil zanmi.
21Sila ki meprize vwazen li fè peche;
men #Sòm 41:1 sila ki fè gras a malere a, beni.
22Èske sila ki #Sòm 36:4fòmante mechanste a, pa egare?
Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.
23Nan tout travay gen pwofi;
men pale anpil mennen nan povrete.
24 #
Pwov 10:22
Kouwòn saj yo se richès yo;
men betiz moun ensanse se foli yo.
25Yon vrè temwen sove lavi a moun;
men sila ki #Pwov 14:5pale manti pase moun nan betiz.
26Nan #Pwov 18:10lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;
e pitit li yo va jwenn sekou.
27Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,
pou moun ka evite pèlen lanmò yo.
28Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa,
men afè prens ki manke moun gate nèt.
29Sila ki #Pwov 16:32lan nan kòlè a, gen gwo konprann;
men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
30Yon kè trankil se lavi pou kò a;
men pasyon fè tout zo yo #Pwov 12:4 pouri.
31Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li;
men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.
32Mechan an jete anba pa malfezans li;
men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.
33Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan;
menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
34Ladwati leve yon nasyon;
men peche se yon gwo wont pou yon pèp.
35Favè a wa a se anvè #Mat 24:45-47sèvitè ki aji ak sajès;
men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.
Chwazi Kounye ya:
Pwovèb Yo 14: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith