Sòm Yo 2

2
1Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa,
e pèp yo fòmante yon vye bagay?
2Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo
pran konsèy ansanm kont SENYÈ a,
e #Jn 1:41kont onksyone pa Li a:
3“Annou #Jr 5:5chire chenn sa yo,
e jete kòd ki mare nou yo!”
4Sila ki chita nan syèl la #Sòm 37:13ri;
SENYÈ a ap moke yo.
5Anplis, Li va pale avèk yo nan #Sòm 21:8-9kòlè Li.
Li va fè yo sezi nan kòlè Li.
6Men pou Mwen menm,
Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion,
# Sòm 48:1-2 mòn sen Mwen an.
7Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a;
SENYÈ a te di Mwen: “Ou se #Trav 13:33Fis Mwen.
Se jodi a, Mwen te fè Ou.
8Mande Mwen, e Mwen va bay Ou
# Sòm 22:27 nasyon yo kon eritaj,
jis rive nan #Sòm 67:7dènye pwent latè
kon posesyon pa Ou.
9Ou va #Rev 2:26-27kase yo avèk yon baton fè,
Ou va #Sòm 28:5kraze yo tankou veso kanari.”
10Konsa, O wa yo, #Pwov 8:15sèvi ak sajès.
Fè atansyon, O jij sou latè yo.
11Adore SENYÈ a avèk gran respè e
rejwi avèk #Sòm 119:119-120tranbleman.
12Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache,
epi ou ta mouri nan chemen an.
Paske gwo chalè Li kab limen ase vit.
A la beni se tout sila ki #Sòm 5:11kache nan Li.

اکنون انتخاب شده:

Sòm Yo 2: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید