Pwovèb Yo 21

21
1Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;
Li #Esd 6:22vire l kote Li vle.
2Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;
men SENYÈ a #Pwov 16:2peze kè yo.
3SENYÈ a pito #I Sam 15:22ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
4Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;
# Pwov 24:20 lanp a mechan yo se peche.
5Plan a #Pwov 10:4dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
6Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
7Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati,
akoz yo #Am 5:7refize aji ak jistis.
8Chemen a yon moun koupab #Pwov 2:15kwochi;
men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
9Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a
pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
10Nanm a mechan an vle mal;
vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
11#Pwov 19:25mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;
men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
12Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an,
# Pwov 14:11 afè mechan an vin detwi nèt.
13Sila ki #Mat 18:30-34fèmen zòrèy li a kri aflije a,
va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn #Jc 2:13 repons.
14Yon #Pwov 18:16kado vèse an sekrè kalme fachez,
e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
15Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;
men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
16Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,
va jwenn repo nan asanble mò yo.
17Sila ki #Pwov 23:21renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
18Mechan an se yon #És 43:3ranson pou moun dwat yo;
e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe janm.
19 # Pwov 21:9 Li pi bon pou rete nan dezè
pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
20Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan #Job 20:15-18 vale tout.
21Sila ki #Pwov 15:9swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
22Yon #II Sam 5:6-9nonm saj monte sou miray vil pwisan,
e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
23Sila ki #Pwov 12:13veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
24Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;
men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
25Se #Pwov 13:4volonte a parese a ki fè l mouri,
paske men li refize travay;
26Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay,
pandan moun dwat yo #Sòm 37:26 ap vèse bay san rete.
27Sakrifis a mechan yo abominab;
se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
28Yon #Pwov 19:5-9fo temwen va peri;
men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
29Moun mechan an afiche yon figi brav;
men pou #Sòm 119:5moun ladwati a, chemen li an sèten.
30 # Jr 9:23 Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
31Cheval la prepare pou jou batay la;
men #Sòm 3:8viktwa a se nan men SENYÈ a.

اکنون انتخاب شده:

Pwovèb Yo 21: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید