Pwovèb Yo 20

20
1Diven se yon mokè, e #Pwov 3:14bwason fò fè goumen rive nan tenten;
nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
2Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò;
sila ki fè l fache #Nonb 16:38va pèdi lavi l.
3 # Jen 13:7 Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respe;
alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
4 # Pwov 13:4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;
akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
5Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon;
men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.
6Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;
men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
7Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;
# Sòm 37:26 A la beni fis ki vini apre li yo beni!
8 # Pwov 20:26 Yon wa ki chita sou twòn lajistis
fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.
9 # I Wa 8:46 Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m;
mwen vin pirifye de tout peche m?”
10 # Pwov 11:1 Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;
tou de abominab a SENYÈ a.
11Menm yon ti moun se #Mat 7:16rekonnet pa zèv li yo;
si li aji byen e si kondwit li dwat.
12 # Egz 4:11 Zòrèy ki tande ak zye ki wè;
se SENYÈ a ki te fè tou de.
13 # Pwov 6:9-10 Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;
ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
14“Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a;
men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.
15Gen lò ak tout kalite bijou;
men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.
16Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li;
epi pou fanm andeyò a, fè papye pwose vèbal pou sa li pwomèt la.
17 # Pwov 9:17 Pen kòn twouve nan bay manti dous;
men pita, bouch la plen gravye.
18Fè tout plan ak konsiltasyon;
# Pwov 24:6 fè lagè ak konsèy saj.
19Sila ki difame moun devwale sekrè;
pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.
20Sila ki #Egz 21:17modi papa li oswa manman li an,
lanp li va etenn nan tan fènwa.
21Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.
22 # Sòm 27:14 Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”;
tann SENYÈ a, e Li va sove ou.
23 # Pwov 11:1 Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;
tou de abominab a SENYÈ a.
24 # Pwov 16:9 Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a;
konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?
25Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:
“Sa sen!” e #Ekl 5:4-5aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.
26Yon wa ki saj va vannen mechan yo
e fè #És 28:27wou moulen pase anwo yo.
27Lespri a lòm se lanp SENYÈ a,
ki chache pati ki pi entim nan li yo.
28Fidelite ak #Pwov 29:14verite prezève wa a,
e ladwati bay twòn li an soutyen.
29Glwa a jèn yo se fòs yo,
e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.
30 # Sòm 89:32 Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste;
li frape rive nan pati pi fon yo.

اکنون انتخاب شده:

Pwovèb Yo 20: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید