Pwovèb Yo 19

19
1 # Pwov 28:6 Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite
pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
2Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans,
ni pou prese rive #Pwov 21:5 fè fo pa.
3Foli a yon nonm fè chemen l gate;
e kè li anraje kont SENYÈ a.
4 # Pwov 14:20 Richès fè zanmi ogmante anpil;
men malere pèdi zanmi li yo.
5Yon #Egz 23:1fo temwen pa prale san pinisyon;
e sila ki fè manti a, p ap chape.
6 # Pwov 29:26 Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri;
tout moun se zanmi a sila ki bay kado.
7Tout frè a malere yo a rayi li;
konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l.
# Pwov 18:23 L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.
8Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li.
Sila ki kenbe ak bon konprann nan va #Pwov 16:20 jwenn sa ki bon.
9Yon #Pwov 19:5fo temwen pa prale san pinisyon;
epi sila ki bay manti a, va peri.
10Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse;
bokou mwens pou yon #Pwov 30:22esklav ta gen otorite sou prens yo.
11Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè;
se glwa li #Mat 5:44 pou bliye yon transgresyon.
12 # Pwov 16:14 Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò;
men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.
13Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,
e yon madanm k ap #Pwov 21:9-19 diskite a
se tankou dlo kap degoute san rete.
14Kay ak byen se #II Kwo 12:14eritaj ki sòti nan papa;
men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
15 # Pwov 6:9-10 Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,
e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
16Sila ki #Pwov 16:16kenbe kòmandman an kenbe nanm li,
men sila ki enpridan nan kondwit va mouri.
17Yon moun ki #Det 15:7-8fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
18 # Pwov 13:24 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;
pa chache lanmò li.
19Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;
paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.
20Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou
kab vin saj pou tout rès vi ou.
21Plan nan kè lòm yo anpil;
men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
22Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous.
Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
23 # Pwov 14:27 Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi
ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
24Parese a fouye men l nan plato a;
men li refize rale l rive nan bouch li.
25Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri;
# Pwov 9:8 repwòch a yon moun bon konprann,
va fè l genyen konesans.
26Sila #Pwov 28:24ki atake papa li e chase manman l ale,
se yon fis ki fè wont ak dega patou.
27Sispann koute disiplin, fis mwen an
e ou va pèdi chemen konesans.
28Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis;
e bouch mechan an #Job 15:16gaye inikite.
29Gen desizyon jijman pou mokè yo;
ak kou pou do a moun ensanse yo.

اکنون انتخاب شده:

Pwovèb Yo 19: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید