Nahum 1

1
1Pwofesi pou Ninive. Liv vizyon a Nahum nan, Elkochit la. 2Yon Dye #Egz 20:5; Det 32:35,41 jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li. 3SENYÈ a #Egz 34:6,7 lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li. 4Li #Jos 3:15,16; És 33:9 Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen. 5Mòn yo #Egz 19:18; És 24:1,20 tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann. 6Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte #És 13:13chalè kòlè Li? Se tankou dife #És 66:15 kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso. 7SENYÈ a #Sòm 25:8 bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo. 8Men tankou yon #És 28:2,17 inondasyon ki debòde nèt, li va fè vil Ninive disparèt nèt, e kouri dèyè lènmi Li yo jis rive nan fènwa. 9Nenpòt panse nou konn #Sòm 2:1fè kont SENYÈ a, li va mete fen a sa #És 28:22 nèt. Gwo twoub sa a p ap parèt de fwa. 10Kon bwa pikan mele mare, kon sila ki sou ak bwason yo, yo va #És 5:24 vin konsonmen nèt kon pay ki fennen nèt. 11Nan ou, te sòti yon moun ki te #És 10:7-11 fè move konplo kont SENYÈ a, yon #Éz 11:2 konseye mechan.
12Konsa pale SENYÈ a: “Byenke yo plen fòs, e yo gen anpil moun; malgre sa, yo va #És 10:16-19,33,34vin koupe retire e disparèt. Byenke Mwen te aflije ou, Mwen p ap aflije ou #Lam 3:31,32 ankò. 13Pou sa, koulye a, Mwen va #És 9:4 kraze retire jouk li ki mare sou ou a, e mwen va eklate chèn ou yo.”
14SENYÈ a fin pase lòd konsènan ou menm: #Job 18:17; Éz 32:22 “P ap gen desandan ki pou pote non ou ankò. Mwen va koupe retire zidòl ak imaj soti lakay dye ou yo. M ap prepare yon kote antèman pou ou; paske ou vin abominab.”
15Gade byen, #És 40:9 sou mòn yo, pye a li ki pote bòn nouvèl, ki anonse lapè yo! Fè fèt nou, O Juda! Akonpli ve nou yo. Paske sa p ap janm rive ankò pou mechan sila an vin pase nan mitan nou. Li fin koupe retire nèt.

اکنون انتخاب شده:

Nahum 1: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید