Matthïeu 3
3
1Alò, #Jn 1:6-8nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di: 2#Mat 4:17“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.” 3Paske sila a se de #Luc 1:17-76li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: #És 40:3
“Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan,
Prepare chemen Bondye a!
Fè chemen Li yo dwat”!
4Alò, Jean li menm te gen #II Wa 1:8yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj. 5Jérusalem avèk tout Judée #Mc 1:5t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an. 6Yo t ap #Mat 3:11batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.
7Men lè li te wè anpil #Mat 16:1Farizyen avèk #Mat 22:23Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an? 8#Luc 3:8Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan. 9Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: #Luc 3:8‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo. 10#Luc 3:9Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”
11“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk #Mc 1:4-8Lespri Sen an, epi avèk dife. 12Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”
13 #
Jn 1:29-34
Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. 14Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”
15Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt #Sòm 40:7-8pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.
16Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. #Mc 1:10Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. 17Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: #Sòm 2:7“Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”
اکنون انتخاب شده:
Matthïeu 3: BSA
هایلایت
کپی
مقایسه
به اشتراک گذاشتن
می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید
Copyright © 2017-2023 Ron Smith