Ésaïe 9
9
1Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete #Mat 4:15-16 peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.
2 #
Mat 4:16
Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè;
sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a,
limyè va fonse briye sou yo;
3 #
És 26:15
Ou te fè pèp la grandi anpil;
Ou ogmante kè kontan yo.
Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. 4Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a #És 14:4 sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. 5Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. 6Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi #Mat 28:18 gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7#Dan 2:44 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
8SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob
e li tonbe sou Israël.
9Tout pèp la va konnen sa;
#
És 7:8-9
Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo,
k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:
10 #
Mal 1:4
“Brik yo fin tonbe,
men nou va rebati ak wòch taye;
bwa sikomò yo fin koupe,
men nou va ranplase yo ak bwa sèd.”
11Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo
advèsè ki sòti #És 7:1-8 Retsin yo
e chofe ènmi yo,
12Siryen lès yo ak #II Kwo 28:18 Filisten lwès yo;
epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri.
Malgre sa, kòlè Li p ap detounen
e men L va toujou lonje.
13Sepandan, pèp la #Jr 5:3p ap vire retounen
kote Sila ki te frape yo a,
ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.
14Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni #És 19:15 tèt ni ke sou Israël,
ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.
15Tèt la se #És 3:2-3 ansyen ki byen respekte a
e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.
16Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo.
Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.
17Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo,
ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo;
paske yo tout se malfektè ki san Bondye
e #Mat 12:34 bouch yo tout ap pale nan foli.
Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen,
e men L toujou lonje.
18 #
Sòm 83:14
Paske mechanste brile tankou dife;
li manje ni pikan ni raje.
Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm
e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.
19Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a,
e se pèp la ki se lwil pou dife a.
#
Mi 7:2-6 Nanpwen moun ki eseye sove frè l.
20Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou;
yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè.
Yo chak manje #És 49:26 chè pwòp bra yo.
21Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé
e ansanm, yo kont Juda.
#
És 5:25
Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen
e men Li toujou lonje.
اکنون انتخاب شده:
Ésaïe 9: BSA
هایلایت
کپی
مقایسه
به اشتراک گذاشتن
می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید
Copyright © 2017-2023 Ron Smith